<< Moso Lalin >>, se tit premye liv jèn ekriven ayisyen Horméus Rodler pral mete deyò pou gran piblik la, nan pri 750 goud. Se yon ouvraj ki pibliye nan Ayitiklopedi, yon mezon edisyon ki angaje l nan pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Nan dat 9 septanm 2025 lan, ap genyen vant ak siyati, kozri, lèkti, slam nan lokal CLAC, nan Sen-Mak, ki nan depatman Latibonit.

Men rezime listwa ki travèse  » Moso Lalin  » : << Wini, yon ti fi ayisyen ki gen anpil pasyon pou syans ak nouvèl teknoloji. Wè l konstwi yon fize ki sèvi ak pwopilsyon nikleyè mele ak anpil gwo teknoloji, entèlijans atifisyèl ayisyen, pou ale sou satelit natirèl tè a ; Lalin. Li ak papa l kite latè, yo ale sou lalin. Plante drapo Ayisyen an, retounen sou latè ak yon moso Lalin. >>

<< Moso Lalin >> se yon liv ki ekri nan lang kreyòl ayisyen an. Li se yon resi ki pale sou astronomi ak nouvèl teknoloji. Nouvo liv sa vini anrichi kilti ayisyèn nan ak literati kreyòl la.

<< Mwen pa konsidere sòti liv sa kòm yon senp pwojè faktyèl, men kòm kòmansman yon angajman pou ekri tout vi m. Tit Moso Lalin nan se yon chwa senbolik ki melanje lanmou, vizyon lavni ak anbisyon pou reyalize gwo bagay. Mwen chwazi lang kreyòl la paske m se ayisyen >>, se sa Horméus Rodler ki se yon jèn ekriven ayisyen ki plen ak talan fè konnen.

Ekri se yon nesesite, daprè Horméus Rodler, se fason pa l pou li kontribye nan prezèvasyon ak nan valorizasyon kilti l. Pi gwo anbisyon Rodler se kontribye nan estabilizasyon lenguistik lang kreyòl la.

Ekriven Horméus Rodler wè tèt li anvan kòm yon patriyòt ayisyen. L ap travay aktyèlman sou plizyè pwojè literè an kolaborasyon avèk plizyè mezon edisyon tankou RAM Édition, Freda Edisyon, pou site sa yo sèlman. Jèn gason sa ki kwè yon lòt Ayiti posib chwazi ekriti kòm yon mwayen pou patisipe nan souverènte lenguistik peyi l.

Horméus Rodler se fòmatè nan enfòmatik, konsiltan nan suivi ak evalyasyon, ekriven. Pitit depatman Latibonit ak Plato Santral la deside envesti l nan inisyativ ki vize fè reyone kilti l ak lang li.

Randevou madi 9 septanm 2025 lan a 9:00 nan maten nan CLAC Sen-Mak la : vant ak siyati liv Moso Lalin, lèkti, slam, istwa, kozri sou karakteristik lenguistik, règ, prensip epi avni lang kreyòl ayisyen an ak Horméus Rodler. Se okazyon pou lang kreyòl la alonè, kote konvivyalite, retwouvay ak pèfòmans pral makonnen nan lespri pou bay valè ak lang lan epi voye monte pi wo kreyòl ayisyen an. Se komin Sen-Mak nan depatman Latibonit ki pral teyat evènman sa ki anonse l kaptivan ak anrichisan.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841