Blan yo pa gen tò: Defans enterè ak reyalite ayisyen an
Yo di peyi yo pa gen zanmi, yo gen enterè sèlman. Kidonk, kesyon enterè ak responsablite nan kontèks Ayiti a se yon bagay konplike. Souvan, moun panse aksyon destriktif yo sòti andedan peyi an , men li enpòtan pou analize kijan dinamik sa yo fòme pa enfliyans ekstèn. Ayisyen, kit yo nan peyi a oswa andeyò peyi an , pote yon pati nan responsablite sa a, e li nesesè pou konte aksyon yo an rapò ak enterè nasyon devlope yo, ki souvan gen yon wòl nan kenbe enstabilite pou defann enterè yo. Yon analiz ap pèmèt nou wè ansanm tout responsablite yo ak sa ki ka fèt pou retabli lòd repibliken an.
- Enfliyans ekstèn ak konsekans yo
Istwa Ayiti make pa entèvansyon etranje ki te gen konsekans dirab sou estabilite li. Entèvansyon militè, sanksyon ekonomik, ak enjèrans politik souvan ogmante tansyon entèn yo. Pa egzanp, aprè tranbleman tè 2010 la, yo te kritike èd entènasyonal la pou mank efikasite li enkapasite li pou sipòte devlopman dirab peyi a. Kidonk, Ayisyen yo, ki ap fè fas ak kriz sou kriz, ka vin genyen yon konpòtman ki sanble destriktif, men ki souvan se repons dezespere a sitiyasyon yo ye an. Pandan tan sa yo, dirijan nou yo pa te menm kapab fè pase volonte yo, tout lajan an te gaspiye anba je moun ki soti nan dyaspora a etranje ak ti nèg sou kouvèti gran chabrak ansyen prezidan ak ansyen premye minis.Brèf, ajan doub nasyonal ak gwo prela entènasyonal yo. Voye je nou pou Nou wè fè yon entrospeksyon politik epi gade rejim ki la a epi nap konprann. Men, kisa jistis la di, e ki sa politisyen nou yo ap fè? Nou just ap viv ti pas kout yo épi menm moun yo ap fè ale vini. Avanyè se te lavalas ak inite verite, yè se te phtk e jodi an se lavalas an, inite verite ak ti mesyedam po klè yo. Ki chanjman? 2. Responsablite elit ayisyen yo( Nèg ak fanm politik yo, sak rele têt yo entèlektyèl e ki gen timonnen yo)
Li enpòtan tou pou lonje dwèt sou elit ayisyen yo ki, nan plizyè moman, te trayi enterè pwòp pèp yo. Lidè politik yo souvan prefere sèvi enterè etranje yo olye yo travay pou devlopman nasyon an . Elit sa yo, ki jeneralman koronpi, te kontribye nan degradasyon enstitisyon yo ak povrete ki ap pèsiste. Fenomèn trayizon elit la pa inik a Ayiti, men li parèt nan anpil peyi kote enterè pèsonèl yo gen plis pwa pase byennèt kominote yo. Gen anpil egzanp ki montre sa nan peyi d Ayiti e sa anpil tan depil ap fèt e li manifeste sou plizyè fòm. Men , toujou gen gason ak fanm ki, ak patriyotis, fòs ki te fè istwa. Ayiti te konnen Gran Dessalines, Nissage Saget, revolisyonè modèn Dumarsais ESTIMÉ, ak menm François Duvalier. Tout moun sa yo te make epòk yo, e balans diplomatik la te ekilibre. Malerezman ye gentan pase, Moun sa yo pa la ankò. Nou la jodi a e se nou ki gen mayèt lan. E, se jodi a nou dwe mete baz pou mond kap vini an Nou bezwen sèlman pran yon desizyon, e desizyon sa a se li menm kap sèvi alimèt pou limen flanm revolisyon ak priz konsyans lan. 3. Egzanp chanjman: Ibrahim Traoré nan Burkina Faso
Ibrahim Traoré, jèn lidè Burkina Faso, se yon egzanp konsyans ak bravou ki ka mennen peyil nan yon chanjman total ak radikal. Monte li sou apouvwa a se yon aksyon ki montre yon volonte pou koupekou ak neyokolonyalis yo e rededefini kesyon nasyonal la. Traoré te mobilize yon mouvman popilè ki te mete enterè pèp la nan kè desizyon politik yo. Egzanp li montre ke, menm nan kontèks difisil, yon konsyans kolektif ka mennen yon chanjman pozitif. Malerezman isit Lakay Nou, Nou toujou montre nou gen yon defisi , nou pa montre nou gen brenn pou nou panse peyi, pou nou fè peyi. Nou plis fò nan fè tyoul blan, nan trèt peyi an ak Frè Nou ak sè nou pou ti avantaj mesken. Depi 1986, nou antre nan yon sèk visye ki mennen nou nan anpil rejim tranzitwa, prezidan pèpè, senatè ak depite ki pa kalifye, rèv yo souvan se yon viza ak kèk pòs diplomatik ak ministeryèl. Nou rive nan pwen kote yo asasinen yon prezidan an fonksyon. Nan ka sa a, Ki sa nou te atann si se pa yon Premye Minis/Prezidan ke yo pral kenbe nan kanpe lwen epi vini ak yon kolèj prezidansyèl ki gen 9 manm, pwodwi yon òganizasyon rejyonal kote Ayiti se manm. E misyon li sanble se pou valide kontra ak akò têt anba pou mete souverènte peyi nou an sou kote epi pou yo rete sou pouvwa yo menm. 4. Modèl Paul Kagame prezidan Rwanda
Yon lòt egzanp ki enpòtan se Paul Kagame, prezidan Rwanda. Depi fen jenosid la nan lane 1994, Kagame te reyalize transfòmasyon peyi a KÒM yon modèl devlopman an Afrik. Politik li ki chita sou bon gouvènans, edikasyon, ak envestisman te pèmèt Rwanda pase de yon eta de dezas pou tounen yon nasyon ki ap grandi. Kagame souvan fè konnen enpòtans yon vizyon klè ak yon lidèchip fò pou simonte obstak yo, sa ki ka enspire lòt peyi tankou Ayiti. Nou menm bo lakay, nou te chase Duvalier , e divizyon an te pran devan nan yon pwen kote pesonn pa te ka menm fini yon manda. Sak te pi mal lan, nou te sabote bisantnè peyi an sou pretèks se te Aristide ki tap jwenn onè an e kounye a, sa ki rete yo e ki te nan têt mouvman yo ap chèche vin chèf pou devlope Ayiti, pandan ansyen mèt yo ap tann yo pou imilye yo jan te komanse a. 5. Pran konsyans se motè chanjman nou vle an.
Pran konsyans se yon eleman kle pou inisye chanjman. Nan anpil peyi, mouvman popilè yo reyisi fè tande vwa yo ak ranvèse rejim oswa move pratik yo. Kit se atravè manifestasyon, eleksyon, oswa refòm, sitwayen yo ka egzèse anpil presyon e menm fè aksyon pou chanje bagay yo. Se sa Ayisyen yo dwe konprann , pandan y ap pran egzanp sou lòt nasyon ki te leve kont enjistis ak opresyon. Nou dwe santi nou endiye , nou wont e konprann ke moun yo itilize pou touye nou yo oubyen fè nou kouri yo( timesye/dam ak sapat yo) se jis itilize yap itilize yo, yo se viktim tou paske se nèg ak kravat yo ki ame yo e nèg ak kravat yo se djòb blan an yap fè. Liberasyon peyi an ap pase swa pa eradikasyon sous la, swa pa yon gwo pote boure . Nou dwe chèche lafyèv nan san an, men pa nan dra a, sinon tout medikaman nap bay malad lan se jis yon ti soulajman. 6. Vizyon pou lavni Ayiti
Pou Ayiti ka aspire ak yon pi bon demen , li esansyèl pou konstwi yon vizyon kolektif ki depase enterè endividyèl yo. Sa mande yon angajman fò nan men lidè ak sitwayen pou travay ansanm pou rekonstriksyon peyi a. Nou dwe tire leson nan egzanp Traoré ak Kagame, Ayiti ka vanse nan yon chemen pwosperite, ki baze sou solidarite ak responsablite pataje. Poukisa plis pase 200 pati politik, poukisa moun kap pale e ki nan pouvwa depi 1986 kwè yo toujou sèl Moun ki ka pote chanjman aloske se yo ki mennen nou la a, poukisa mesenayara politik sa a?
Poum fini map di , sitiyasyon an nan peyi d’Ayiti se rezilta yon konbinezon konplèks ki gen faktè entèn ak ekstèn. Menm lè kèk moun ka toujou di ke Blanc pa gen tò, li just aji pou defann enterèl, li esansyèl pou nou rekonèt ke transfòmasyon yo dwe soti andedan nou, atravè yon priz konsyans ak yon angajman kolektif. Egzanp lidè tankou Ibrahim Traoré ak Paul Kagame montre ke chanjman an posib, e ke ak yon vizyon klè, li posib pou nou chanje tandans lan e bati yon pi bon demen pou peyi d Ayiti. Tout tan nou pa konprann sa, blan ap toujou genyen, e nou ap toujou gen dirijan ki pi bon nan siyen kontra pou sekirite peyi a ak gwoup mèsenè ki pa gen kilti bay rezilta pandan nap travay pou ranfòse gang, afebli sa nou genyen espesyalman Polis Nasyonal d Ayiti ak Fòs Lame d’Ayiti. Nou dwe fèmen vàn sa yo e kraze fè yo paske dlo yo santi Fèmen vè a.
Emmanuel Bissainthe MONTAS, Avoka Bawo Mibalè, Politolog, MDA/ MBA, Pwofese inivesite.