Seleksyon maskilen U-17 la pral patisipe nan Koup dimonn k ap fèt nan peyi Kata, sòti 3 pou rive 27 novanm 2025.

Anvan seleksyon maskilen foutbòl la nan kategori U-17 kite Ayiti, yo ap jwe yon match amikal kont seleksyon Gran-Nò a mèkredi 27 dawout 2025 sa nan Pak Félix Saint-Victor apati 4è nan aprèmidi. Rankont sa ap dewoule nan kad preparasyon seleksyon an ki kalifye pou faz final Koupdimonn U-17 la ki pral òganize Kata, 3 pou 27 novanm k ap vini la.

Aprè match preparatwa sa nan site Kristofyèn nan, ekip la dwe pran avyon pou rann li 28 dawout nan peyi Jamayik. Seleksyon an dwe rete jiska 15 septanm 2025 nan objektif pou kontinye preparasyon yo. Aprè eskal jamayikèn nan, seleksyon ayisyèn foutbòl U-17 la dwe enstale an Espay sòti 15 pou rive 30 septanm anvan li pran direksyon Kata pou dispite Koupdimonn lan, k ap fèt sòti 3 pou 27 novanm 2025.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841