Eliminatwa Mondyal 2026 : Ayiti vs Kosta Rika. Pou jwe dènye faz pou kalifikasyon koup dimond 2026 la, nan gwoup C a, seleksyon Ayisyèn nan ap fè fas ak ekip sa yo (Ondiras, Kostarika ak Nikaragwa). Match sa yo ap jwe an septanm, oktòb ak novanm 2025.
Seleksyon ayisyèn foutbòl la fè yon match nil (0-0) fas ak Ondiras, vandredi 5 septanm 2025 la, nan kad 1e tou match eliminatwa Concacaf (Amerik di Nò) k ap jwe pou kalifikasyon seleksyon yo pou mondyal 2026 la. Aprè yon joune, Ayiti genyen 1 pwen, li plase an 3è pozisyon aprè Nikaragwa ak Kostarika ki yo chak genyen 1 pwen tou.
Eliminatwa Mondyal 2026 : Ayiti nan batay. Grenadye alaso !
Grenadye yo ki genyen 3 match desizif demare dènye liy dwat eliminatwa yo kont Ondiras, 5 septanm nan Kiraso ; epi 9 septanm fas Kosta Rika, nan San José. 3 afich ki kapab bay ton sou anbisyon ayisyen yo nan faz final sa pou reve yon kalifikasyon istorik pou Mondyal 2026 la.
Madi 9 septanm 2025 sa Ayiti ap jwe dezyèm match li kont Kosta Rika. Ayiti nan gwoup C pou twazyèm faz eliminatwa Koup dimonn 2026 yo. Men konpozizyon gwoup C a : Kosta Rika, Ondiras, Ayiti, Nikaragwa.
Nan kad eliminatwa Koupdimonn 2026 yo, seleksyon ayisyèn nan kenbe tèt ak Ondiras (0-0), li pran yon pwen presye, Grenadye yo dwe goumen pou fè 3 pwen kont Kosta Rika, sa ki ap ogmante chans yo pou kalifye pou Mondyal 2026 la. N ap ajoute, Ayiti ranfòse avèk prezans plizyè nouvo figi : Jean Ricner Bellegarde, milye tèren Wolverhampton nan Premier League anglè a, Yassin Fortuné, atakan FC Vizela nan dezyèm divizyon pòtigè, Keeto Thermoncy, defansè Young Boys nan premyè divizyon Suis ak Jerry Desdunes, milye tèren AV Alta FC nan USL League One nan peyi Etazini.
Seleksyonè nasyonal Ayiti a, Sébastien Migné melanje eksperyans ak frechè pou bati yon ekip konpetitif ak detèmine. Poulen Migné yo dwe rete konsantre epi kapitalize sou pwen fò yo pandan y ap korije èrè ak lakin yo pou espere dekwoche yon biyè pou Mondyal 2026 la.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE