Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA) lanse, samdi 10 oktòb 2026 la, travay konstriksyon ak reyabilitasyon Sistèm Adiksyon Dlo Potab (SAEP) nan lokalite Carice, Pont-Sable, Corosse ak Grosse-Roche. Travay sa yo, ki pral benefisye popilasyon komin Carice ak Vallières yo, ap finanse dirèkteman ak lajan Trezò Piblik la, atravè Pwogram Envestisman Piblik la (PIP).
Seremoni lansman travay yo te dewoule nan prezans minis Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (TPTC), enjenyè Joseph Almathe PIERRE-LOUIS; direktè jeneral DINEPA a, enjenyè Théophil OSTINVIL; direktè rejyonal Nò a; otorite depatmantal ak kominal yo; reprezantan sosyete sivil la; notab nan komin Carice ak Vallières yo; kad DINEPA ak OREPA-Nò, ansanm ak reprezantan laprès yo. Seremoni sa a te bay popilasyon an okazyon pou l wè enpòtans enstitisyon an bay bezwen li genyen pou jwenn dlo potab ak sèvis asenisman.
Inisyativ sa a se youn nan plizyè aksyon DINEPA ap mennen nan zòn riral yo pou amelyore aksè ak dlo potab. Li antre nan kad dènye oryantasyon estratejik direksyon jeneral DINEPA a, ki vize devlope sektè Dlo Potab ak Asenisman (EPA) a nan pi gwo mezi posib. Sektè sa a se youn nan twa aks prensipal estrateji enstitisyon an.
Dapre DINEPA, travay konstriksyon rezo distribisyon dlo yo ap dire twa (3) mwa. Nan Carice, se konpayi SD Construction et Maintenance ki pral egzekite travay yo, tandiske nan Vallières, espesyalman nan Pont-Sable, Corosse ak Grosse-Roche, se konpayi Balero Construction ki pral responsab egzekisyon an. Direksyon OREPA-Nò a, bò kote pa l, pral asire sipèvizyon travay yo.
Lè travay sa yo fini, yo pral pèmèt abitan de komin sa yo, kote anpil moun pa gen aksè regilye ak dlo potab, jwenn sèvis sa a yon fason ki pi dirab.
Atravè pwojè sa yo, gouvènman ayisyen an, anba direksyon Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, kontinye montre angajman li pou amelyore kondisyon lavi popilasyon riral la. Se DINEPA ki responsab aplikasyon inisyativ sa yo, nan objektif pou pèmèt chak fanmi k ap viv nan zòn riral yo jwenn aksè ak dlo potab ak sèvis asenisman.