Se ofisyèl, Ayiti nan gwoup C pou twazyèm faz eliminatwa Koup dimonn 2026 yo.
Gwoup A : Panama, El Salvadò, Gwatemala, Sirinam.
Gwoup B : Jamayik, Kiraso, Trinidad & Tobago, Bèmid.
Gwoup C : Kosta Rika, Ondiras, Ayiti, Nikaragwa.
N ap raple, premye nan chak gwoup yo ap kalifye dirèkteman pou Mondyal 2026 la. De (2) meyè dezyèm yo prale nan baraj.
Sébastien Migné ki se seleksyonè nasyonal Ayiti konvoke 23 Grenadye pou faz final la. Nan lis 23 jwè li rele yo pou dispite faz final eliminatwa Concacaf ki ap mennen nan Koupdimonn 2026 la, genyen 4 nouvo jwè ki entegre pou vin ranfòse efektif ayisyen an. Jwè sa yo se : Jean Ricner Bellegarde, Keeto Thermoncy, Yassin Fortuné ak Jerry Desdunes. Ranfò sa yo ap pote plis divèsite ak pwofondè nan efektif la.
Bò kote nouvo vini sa yo, pilye tradisyonèl Grenadye yo prezan nan lis la. Sébastien Migné raple enpòtans kontinite pandan l ouvri pòt pou nouvo talan ki kapab dinamize kolektif la. Grenadye yo kòmanse dènye liy dwat eliminatwa yo avèk 2 match desizif : 5 septanm 2025 kont Ondiras, nan Kiraso ; 9 septanm 2025 fas a Kosta Rika, nan San José. Nan yon gwoup konpetitif, chak pwen konte, seleksyon nasyonal la dwe montre anpil volonte pou kapab pi tranchan ofansivman epi mete plis rigè defansivman.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) pibliye lis konplè 23 jwè ki kenbe yo.
GADYEN :
JOHNNY PLACIDE – SC BASTIA
ALEXANDRE PIERRE – FC SOCHAUX
GARISSONE INNOCENT – RITERIA
DEFANSÈ :
CARLENS ARCUS – ANGERS SCO
MARTIN EXPERIENCE – AS NANCY
MARKHUS LACROIX – COLORADO SPRINGS FC
RICARDO ADE – LDU QUITO
JEAN-KEVIN DUVERNE – FC NANTES
GARVEN METUSALA – COLORADO SPRINGS FC
KEETO THERMONCY – BSC YOUNG BOYS U-19 THAITO AETA
MILYE :
CHRISTOPHER ATTYS – CALCIO LECCO 1912
DANLEY JEAN JACQUES – PHILADELPHIA UNION
LEVERTON PIERRE – VIZELA
CARL-FRED SAINTÉ – PHOENIX RISING FC
JERRY DESDUNES – AV ALTA FC
JEAN RICNER BELLEGARDE – WOLVERHAMPTON
THEO MICHEL – CD IBIZA
ATAKAN :
DON DEEDSON LOUICIUS – FC DALLAS
FABRICE-JEAN PICAULT – INTER MIAMI
DUCKENS NAZON – ESTEGHLAL FOOTBALL CLUB
FRANTZDY PIERROT – AEK ATHENES
YASSIN FORTUNE – VIZELA
RUBEN PROVIDENCE – ALMERE CITY.
DT : SÉBASTIEN MIGNÉ.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE