Editoryal

Plen midi nan solèy cho, pèp la ak balèn li nan men l, lap chèche yon lidè ak pati politik onèt pou mennen desten l

Nan listwa ansyen Lagrès, yo rakonte yon anekdòt sou Diogène de Sinop, filozòf sinik la. Yon jou, nan mitan solèy midi, ak yon balèn limen nan men l, yo mande l sa l ap chèche konsa; li reponn: M ap chèche yon moun onèt. Pawòl sa travèse syèk yo kòm yon metafò pwofon sou kriz konfyans ant pèp ak lidè yo. Jodi a, ann Ayiti, senaryo a vin pi plis pase yon parabòl: se reyalite nou. Nan mitan midi, anba chalè solèy la, ak tout balèn yo ta ka limen nan chak ri Pòtoprens, Mibalè, Kap Ayisyen, Okay, Gonayiv… èske nou ka jwenn yon politisyen oubyen yon pati politik ki kapab pote lespwa?

Peyi a gen plis pati politik pase li gen lekòl fonksyone. Gen plis lidè politik pase pwofesyonèl kalifye. Gen plis deklarasyon pase rezilta. Chak sezon pote pwòp rekòt li, chak kriz pote pwòp sovè li, chak moman pote pwòp revolisyonè li. Moman fasil yo kreyè moun fèb, moman difisil yo kreye moun fò. Tandiske nan ka pa nou Ayiti , moman difisil nap travèse la yo ,kijan de moun li kreye ?
Tout tan, pèp la pa retounen nan pwen depa: plis mizè, plis san, plis gaspiye, plis dezilizyon. Èske nou dwe kontinye fèmen je nou sou yon reyalite konsa, oswa nou dwe, tankou Diogène, sèvi ak balèn nan pou fouye nan fènwa a, menm lè limyè solèy la deja klere?

Ironi a pi gwo toujou: nou pa nan fènwa fizik, men nan fènwa moral ak politik. Balèn Diogène vin senbòl rechèch nou pou yon lidè ki pa vann konsyans li, ki pa itilize pawòl anti-enperyalis maten pou fè alyans apremidi, ki pa pran pouvwa nan non pèp la pou trayi l pi devan. Nou ap chèche yon moun ki pa sèvi ak dosye gang kòm zam politik, ki pa sèvi ak koripsyon kòm eskalye, ki pa sèvi ak soufrans pèp la kòm kapital elektoral. Men, èske gen youn konsa? Oswa èske nou oblije reponn, tankou Diogène te fè a: m ap chèche, men mwen poko jwenn?

Nan chak kwen sosyete a, pèp la bouke ak menm teyat la: chanjman gouvènman tankou chanjman mask nan yon pyès teyat absid, kote aktè yo diferan nan non sèlman, men tout jwèt yo menm. Pèp la tounen odyans ki pa ka leve kite salklas la. Men eske n ap kite mizè a kontinye fè odyans pandan moun ap jwe sou sèn? Èske nou p ap janm jwenn yon politisyen ki fè lavi piblik tounen yon sèvis olye yon biznis? Èske balèn Diogène an p ap boule nèt san rezilta pandan n ap fouye tè sa a ki fin dechaje?

Lidè politik yo, nan silans yo, nan ipokrizi yo, nan alyans yo ak gang, nan konplisite yo ak enperyalis, nan apeti yo pou richès ak pouvwa, fè pèp la pèdi tout konfyans. Balèn Diogène vin tounen senbòl pèp la: li chache, li fouye, li gade, men li jwenn sèlman lonbraj ak mask. Lè ou kwè ou jwenn yon lidè, li retire mask li, li parèt se menm vye sistèm nan li vin sèvi. Se la, dezespwa vin tounen mèt peyi a, pandan espwa ap respire dènye souf li nan raje ak nan mitan kannal sang.

Ayiti bezwen yon moun ki vrèman limyè. Yon moun ki pa bezwen balèn pou parèt, paske verite l ak aksyon l klere plis pase solèy midi. Yon moun ki pa vin chèche antre nan sistèm nan pou pwofite, men pou kraze chenn ki mare pèp la. Balèn Diogène, jodi a, se nou menm pèp la k ap pote l. Kesyon an rete: èske n ap jwenn yon sèl figi onèt, yon sèl lidè ki ka pote flanm verite ak diyite nan peyi ki tonbe twò ba a?

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar