Lendi 6 oktòb 2025, se te ouvèti ofisyèl ane jidisyè ann Ayiti. Yon randevou ki, nan epòk lontan, te gen tout valè senbolik li. Yon moman pou montre gravite enstitisyon jistis la, pou retabli konfyans pèp la, pou fè bilan ane pase a epi trase nouvo oryantasyon pou lavni. Men jodi a, sa tounen yon senp seremoni, yon pwotokòl vid, yon defile blan perik ak ròb nwa ki pa kache reyalite tristès la : jistis ayisyen an mouri, men se kò li sèlman yo kontinye pote sou plas piblik la chak mwa oktòb.

Ouvèti ane jidisyè a, olye li se yon rèl lespwa, tounen yon teyat ipokrizi kote otorite yo ap jwe wòl yo san yo pa gen okenn kwayans nan sa y ap di. Pandan Prezidan kò kasasyon ap pale de endepandans pouvwa jidisyè a, tout moun konnen ke sistèm nan anba kontwòl egzekitif la depi lontan. Pandan yo pale de refòm ak modènizasyon, tribinal peyi a ap manje pousyè, jij yo pè rantre nan biwo yo, anpil komisè gouvènman tounen ajan politik. Pandan pawòl sou “redevabilité” ap taye banda, pèp la kontinye ap gaspiye nan batiman vid kote yo vin chèche jistis, men se fristrasyon, koripsyon ak trayi yo jwenn an retou.

Kisa yon ouvèti jidisyè vle di nan yon peyi kote jij pa gen sekirite pou pran desizyon ? Kote plizyè tribinal lokal nan depatman yo tounen tè abandone depi plis pase de lane akoz menas ak vyolans ? Kote dosye yo chita anba labou pandan prizon yo debòde ak moun ki pa janm jwenn jij ? Kote jij kouraje yo sibi presyon, revoke oswa elimine fizikman paske yo refize antre nan konplo ? Se tankou ou ta gen yon legliz kote pa gen prèt, yon lekòl kote pa gen pwofesè, men ou kontinye selebre premye jou klas la chak ane.

Leta, ki ta dwe garanti endepandans pouvwa jidisyè a, tounen premye ajan ki sakrifye li. Anpil jij yo nonmen pa zanmitay politik, pa enterè pèsonèl, pa lòd patwon. Komisè gouvènman yo depann dirèkteman de ministè jistis, sa vle di tout zak yo tounen zouti politik. Kò Kont, ULCC, UCREF , tout enstitisyon ki ta dwe pwoteje entegrite piblik la , vin tounen machin silans, youn kontwole lòt, epi tout kontwole pa pouvwa egzekitif la. Se nan kad sa yo, pawòl ki te konn senbolize diyite a, « Pou jistis fèt sou non pèp ayisyen », pèdi sans li.

Anplis, pèp la menm, ki ta dwe gade ak espwa jou sa a, gade l ak kòlè. Paske li wè tout sistèm nan tounen yon “machin legal” pou pwoteje gwo ponyèt yo. Lè yon grangou pèp ap kriye, lajistis rete bèbè ; lè se yon ti machann, yon jèn, oubyen yon opozan politik, sistèm nan aji prese prese. Se sa ki fè ouvèti ane jidisyè a tounen yon maskarad : se menm chèf, menm pawòl, menm pwomès, e menm kouvèti legal pou enpinite.

Ayiti tounen yon peyi kote jij ap jije san pouvwa, kote zak enjis ap jere pa “influans”, kote menm avoka yo pè defann viktim. Ki sans pale de “renouvèlman” ane jidisyè lè jistis pa egziste pou pi fèb yo ? Lè gen moun k ap tounen prizonye san jijman depi plis pase senk, sèt, e pafwa dis lane ? Lè jij yo ap fèmen je sou dosye koripsyon ki koute milya ? Lè moun ki gen pouvwa ap viv tankou anperè, pandan ti pèp la kontinye anba chenn mizè ak enjistis ?

Nan verite, se pa ane jidisyè a ki ouvè, se menm chapit trajedi a k ap repete. Chak 6 oktòb, yo selebre yon lanmò yo pa vle antere. E tout tan Ayiti pa gen jistis, pa gen demokrasi, pa gen Leta. Se jistis ki se poto mitan yon sosyete ki fonksyone, men Ayiti kontinye ap mache san kolòn vètebral.

Kòm Jean-Jacques Dessalines te di nan premye konstitisyon 1805 la : “Liberté ou la mort.” Men nou, pitit li yo, rete chita ap gade lanmò jistis la, san nou pa leve vwa nou. Èske n ap kontinye selebre maskarad sa yo ? Èske nou gen kouraj pou mande jistis pou jistis ?

Pèp Ayisyen merite plis pase yon ouvèti jidisyè ; li merite yon renesans moral, yon refondasyon Leta, e yon jistis ki gen nanm. Jiska lè sa rive, tout ouvèti ap rete sèlman yon pwodiksyon teyal san lespwa.

Jean Launy AVRIL editoryalis -Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841