Pandan Mibalè, Sodo, Boucan Carré, Laswobas ak plizyè lòt komin nan Depatman Sant lan kontinye ap viv anba menas, pèp la toujou kenbe yon sèl espwa : gade anlè, tann Leta. Tann “konplo konplotis” sa a ki chita sou tab pouvwa a, ap jwe ak desten moun yo tankou yon jwèt domino. Yo kwè solisyon an dwe soti bò ministè, bò palè, bò konsèy prezidansyèl tranzisyon an, pandan se yo menm pèp la, mas la, fanm ak gason ki pèdi kay yo , ki se sèl fòs reyèl ki rete vivan sou tè sa a. Men, vrè trajedi a, se pa sèlman nan dife ki boule lakay yo, ni nan mitray ki taye lari yo ; se nan lespri yo, ki vin depann de yon Leta ki pa egziste ankò, yon Leta ki tounen fantom nan tèt moun.

Lè w tande moun Mibalè ap di “Leta dwe fè nou rantre lakay nou,” ou tande vwa yon pèp ki lage diyite li nan men yon sistèm ki toujou trayi l. Lè w wè Sodo ap mande asistans pandan dlo sakre li vin dlo sanglan, ou wè yon pèp k ap lapriyè devan yon altè politik ki pa gen Bondye ladan l. Sa montre kijan Leta sa a, ki konplotè kont pwòp pitit li, rive fè pèp la pèdi konfyans nan tèt li menm. Pèp la bliye Dessalines te montre li fòs pa sòti nan papye, ni nan palè, men nan inite ak konfyans nan pwòp kapasite li pou leve.

Men, anfas absans sa, pèp la tonbe nan yon traka sikolojik. Olye li òganize tèt li pou defann tè li, pou konstwi solidarite lokal, li prefere tann aksyon yon gouvènman ki plis okipe chanje direktè pase chanje reyalite. Yon Leta ki voye misyon etranje olye voye enjenyè, ki distribye kit alimantè olye rekonstriksyon. Pandan y ap fè politik sou kadav moun ki pèdi lakay yo, pèp la kontinye ap viv anba tant, tankou pèlerin san direksyon, ap tann bon volonte moun ki gen pouvwa. Sa a, se pa soufrans sèlman ; se yon abdikasyon kolektif, yon dezèspwa ki pran fòm abitid.

Leta konplotis sa a pa t janm bati pou sèvi pèp la ; li bati pou itilize l. Chak kriz tounen opòtinite pou fè konplo, chak trajedi tounen pwen pou negosyasyon. Pandan sa, popilasyon an, ki ta dwe tounen poto mitan, rete tankou figi pèdi nan pwòp istwa li. Olye li rasanble pou defann komin li yo, li divize sou kesyon politik, sou ti pèpòl, sou pati ki pa bay manje. Se yon pèp ki fin defigire, ki vin tounen silans devan pwòp trayizon li.

Vrè fòs pèp la se pa nan tanpri li, ni nan plenyen li, ni nan lapriyè li. Vrè fòs pèp la se nan òganizasyon, nan memwa, nan solidarite, nan refi pou tann. Paske chak fwa ou tann, ou remèt pouvwa w bay yon lòt. Chak fwa ou kwè se gouvènman k ap sove w, ou fè tèt ou prizonye yon sistèm ki pa janm gen entansyon libere w. Se pa Leta ki pral delivre Mibalè ak Sodo ; se pitit Mibalè ak Sodo k ap fè sa, lè yo sonje yo se eritaj Dessalines, pa pasyan sistèm lan.

Ane 2025 sa a, istwa ap poze nou yon kesyon senp : Èske n ap kontinye tann men Leta, oubyen n ap leve pou retabli diyite nou ? Pèp la dwe sonje : lè w bliye fòs ou, ou tounen pèp ki gen pye mennen men pa gen direksyon. Fòs sa a, se pa zam, se pa konplo ; se konsyans, òganizasyon ak solidarite. Se la vrè chanjman an ap fèt. Se la Ayiti ap ka leve ankò men se sèlman si pèp la sonje se li ki pouvwa, se li ki Leta, se li ki peyi a.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar