Depi plizyè mwa, yon sèl mo tounen sant tout diskou politik yo, eleksyon. Chak konferans pou laprès, chak rankont diplomatik, chak deklarasyon ofisyèl fè eleksyon parèt tankou sèl repons pou kriz Ayiti a. Men lè nou retire slogan yo, kestyon fondamantal la rete menm jan an. Ki eleksyon ki kapab fèt nan yon peyi kote gwo pati nan teritwa a pa anba kontwòl Leta? Ki eleksyon ki kapab kredib lè dè santèn de milye sitwayen oblije kite kay yo, lè plizyè komin pa gen okenn administrasyon piblik k ap fonksyone, lè ensekirite tounen règ epi lalwa pèdi fòs li? Pale de eleksyon san reponn kestyon sa yo se pa bati demokrasi. Se fabrike yon ilizyon.
Diskou sou eleksyon an vin sanble ak yon estrateji kominikasyon ki fèt pou fè popilasyon an bliye kestyon ki pi enpòtan yo. Chak fwa presyon monte sou kestyon sekirite, sou kestyon koripsyon, sou kestyon jesyon resous piblik oswa sou kestyon echèk politik tranzisyon an, yo remete eleksyon sou tab la tankou yon remèd mirak. Pandan tan sa a, reyalite peyi a kontinye degrade. Enstitisyon yo ap febli chak jou, ekonomi an ap plonje, lavi sitwayen yo ap vin pi difisil, tandiske moun ki sou pouvwa kontinye jwenn tout avantaj pouvwa a.
Tranzisyon pa t kreye pou l tounen yon sistèm politik pèmanan. Li te dwe yon etap kout ki t ap prepare retou nan nòmalite konstitisyonèl. Lè objektif tranzisyon an vin ranplase pa objektif pou konsève pouvwa a, tranzisyon an pèdi tout sans li. Se la danje a kòmanse. Chak jou ki pase san rezilta klè bay enpresyon ke kestyon eleksyon an sèvi plis pou jistifye pwolongasyon pouvwa pase pou òganize yon vrè retou nan demokrasi.
Pi gwo kontradiksyon an se ke moun k ap pale pi fò de eleksyon yo poko kreye kondisyon minimòm ki nesesè pou òganize yo. Sekirite pa egziste. Libète sikilasyon pa garanti. Anpil sitwayen pa kapab retounen lakay yo. Administrasyon piblik la pa fonksyone nòmalman sou tout teritwa a. Nan yon kontèks konsa, mete dat eleksyon san rezoud kestyon sa yo se mete charyo devan bèf. Demokrasi pa mezire sèlman ak yon dat sou kalandriye. Li mezire ak kapasite yon pèp pou vote san pè, san presyon epi avèk konfyans nan enstitisyon yo.
Pandan popilasyon an ap tann chanjman, tan ap pase. Chak mwa ki ajoute sou tranzisyon an reprezante plis depans, plis opakite ak plis kestyon sou fason resous Leta yo itilize. Se la gwo enkyetid la parèt. Paske chak jou yon pouvwa ki pa rive reyalize misyon li rete anplas, se yon lòt jou kote richès peyi a kontinye depanse san kontwòl ase, kote administrasyon piblik la kontinye pèdi kredibilite, kote konfyans sitwayen yo kontinye kraze.
Ayiti pa bezwen yon eleksyon ki fèt sèlman pou satisfè yon ajanda politik oswa diplomatik. Ayiti bezwen kondisyon pou eleksyon an vin tounen yon vrè ekspresyon souverènte pèp la. San sekirite, san jistis, san administrasyon ki fonksyone, san transparans ak san konfyans, eleksyon riske sèlman bay yon nouvo kriz olye li rezoud ansyen an.
Pèp ayisyen an pa bezwen plis slogan. Li bezwen rezilta. Li pa bezwen pwomès ki repete chak semèn. Li bezwen aksyon ki retabli otorite Leta, pwoteje lavi sitwayen yo epi prepare yon tranzisyon ki fini tout bon. Paske demokrasi pa konstwi ak pawòl. Li konstwi ak enstitisyon solid, ak respè pou lalwa, ak volonte pou mete enterè nasyon an pi wo pase enterè moun k ap dirije yo.