Nan yon tèks aktyèl prezidan Brezilyen an Lula da Silva pibliye jedi 2 jiyè 2026 la, li kritike ouvètman konpòtman fanmi ak patizan ansyen prezidan ladwat, Jair Messias Bolsonaro, ki mande administrasyon Amerikèn nan atravè prezidan Donald Trump, ogmante taks sou tout pwodui Brezi ap vann Etazini.

Nan tèks la, men kisa prezidan Lula ekri:

« Li pa akseptab pou fanmi Bolsonaro ap chèche soumèt Brezil devan enterè Etazini—jan dokiman youn nan manm li yo te voye bay gouvènman ameriken an jodi a montre sa. N ap toujou angaje nou nan dyalòg sou yon baz egalite ak nenpòt nasyon nan mond lan.

Mande pou yo ranvwaye aplikasyon taks dwanye kont peyi nou an pou aprè eleksyon yo, se yon zak trayizon kont nasyon an. Pa t janm genyen, e pa genyen kounye a okenn jistifikasyon pou kalite taks sa yo, kit se kounye a oswa pita.

Sa ki pi absid nan tout istwa sa a, sèke se fanmi Bolsonaro menm ki te pwovoke sitiyasyon an, lè yo te defann piblikman lide pou ogmante taks sou pwodui brezilyen yo.

Defann lide pou kraze Mercosur, pi gwo blòk ekonomik Amerik Latin nan, ki fèk siyen yon akò istorik ak Inyon Ewopeyèn, se yon lòt atak ankò kont enterè pèp brezilyen an.

Kòmsi sa pa t ase, yo vle remèt sistèm « PIX » la nan men enterè etranje. Men yo p ap reyisi; paske PIX se yon reyalizasyon brezilyen, e nou p ap abandone l. Peyi nou an pa pou vann. Souvrènte nou pa negosyab. Brezil se pou brezilyen yo. » Lula fini tèks la.

Sitiyasyon sa yo rive nan moman pral genyen premye eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Brezil 4 oktòb 2026 la, kote prezidan Inácio Lula da Silva ak Flávio Bolsonaro ki se pitit ansyen prezidan Jair Bolsonaro, pral fas a fas.

Sérondier LOUSIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...