Pandan reyinyon peyi Mercosur yo madi 30 jen 2026 la, Prezidan brezilsyen an, Lula Da Silva, fè konnen PIX se youn nan sistèm tranzaksyon ekonomik Mercosur la kapab sèvi. Selon prezidan an, se yon sistèm pèman piblik ki deja fè siksè nan peyi Brezil, yon referans entènasyonal nan domèn enklizyon finansye ak efikasite dijital.
Prezidan Lula di PIX la ka sèvi kòm baz pou yon enfrastrikti pèman ki pral pote avantaj pou tout sitwayen Mercosur yo. Entegrasyon finansye sa a ap ede redwi nan depans yo, ankouraje komès ant peyi ki nan blòk la amerik Sid la, elaji itilizasyon lajan lokal yo, epi ranfòse kapasite yo pou reziste devan chòk ak sanksyon ekonomik k ap soti deyò.
Kisa PIX la ye ?
Se yon sistèm pèman ki rive a destinasyon nan menm moman tranzaksyon an an fèt la. Se Bank Santral peyi Brezil ki te mete li an fonksyon nan mwa fevriye 2020. An jen 2026, plis pase 170 milyon Brezilyen, swa 80% nan popilasyon an, itilize l. Anviwon 60 peyi deja aksepte yon sitwayen Brezilyen peye atravè PIX la.
Avèk PIX, itilizatè yo transfere epi resevwa lajan nan kèk segond. Yo ka peye bòdwo, fè acha nenpòt lè, nenpòt kote, chak jou nan semèn nan. Pou yon moun itilize PIX, l ap jis bezwen yon kont nan yon bank oswa nan yon enstitisyon finansye, epi li ka itilize youn nan metòd sa yo: CPF, imèl, nimewo telefòn, kòd QR oubyen nenpòt lòt mwayen dijital.
PIX la ofri sèvis ki fèt yon fason rapid, fasil, gratis epi an sekirite, pou itilizatè yo transfere osnon resevwa lajan elektwonik nan peyi Brezil.
Sérondier LOUSIA, Centre à la UNE