Nan dyaspora ayisyèn nan, gen kèk figi ki depase senp siksè pèsonèl pou yo tounen senbòl rezilyans, angajman ak transfòmasyon sosyal. Annavialice M. Casimir se youn nan figi sa yo. Ant antreprenarya, relasyon entènasyonal, gouvènman, tradiksyon ak militanis sosyal ak politik, li konstwi yon pakou ki enspire epi ki montre kijan yon fanm ayisyèn kapab enpoze vwa li sou sèn entènasyonal la pandan li rete atache ak rasin li.
Jodi a, Annavialice M. CASIMIR se yon analist Politik espesyalize nan kominikasyon politik, PDG yon antrepriz k ap evolye nan sektè alimantè ak bwason, kote li mete aksan sou inovasyon, kalite sèvis ak eksperyans kliyan nan FREDA, Pou li, biznis pa dwe sèlman chèche pwofi; li dwe kreye valè, amelyore relasyon imen epi ofri sèvis ki reponn ak bezwen reyèl kliyan yo. Vizyon antreprenarya li baze sou disiplin, ekselans ak kapasite pou adapte ak yon mond k ap chanje san rete.
Men dèyè fanm pwofesyonèl sa a, gen yon istwa pèsonèl ki chaje ak batay, kestyonman ak rèv. Annavialice soti nan yon fanmi kote kestyon libète, dwa moun ak konsyans sosyal te deja prezan. Papa li, Edwige Casimir ki te yon atis ak yon militan ki se youn nan inspirasyon na penti ayisyen an, mèt tanbou ak Pikaso Ayisyen yo bay surnom, te transmèt li depi byen bonè lanmou pou kilti peyi an, jistis, defans dwa fondamantal ak pou kestyon emansipasyon. Papa manman li Joseph Noblette te youn nan moun ki te kont diktati Divalier yo, ak Papa gran papal Yassy Noblette te youn nan moun ki te goumen nan lit indepandans Ayiti an an depatman sud nan peyi dayiti pi prezizeman Ti gwav. Kòm dexièm sè pami tout sè li yo, li fèt ak grandi na Kapitla peyi an Potoprens, nan yon sosyete kote plas fanm yo souvan limite pa nòmal patriyakal ak presyon sosyal. Nan pasaj lekòl klasik nan peyi an profesé yo te konn rele li Mariján, paske non selman li te konn poze anpil kesyon sou koze tabou nan sosyete an men sinon li te konn toujou a chache konnen poukisa fi te toujou anba pye nan peyi an.
Depi piti, Annavialice te gen yon sèl rèv, viv lib, san laperez nan yon sosyete ki ekitatif. Koz li siviv koudeta fatal peyi an, trambleman tè 12 janvye etc. Pou li menm Ayiti pa dwe yon sosyete ki ap mare fanm de bwa deyè,paske peyi an kreye ak fòs lit fanm ak gason te fè kont sistem kolonyal, esklavajij ak kapitalis nan epòk sila. Yon aspirasyon ki ta dwe natirèl pou nenpòt moun, men ki souvan vin tounen yon batay difisil pou anpil fanm nan sosyete tradisyonèl yo. Li te byen vit konprann ke nan Ayiti, kestyon fanm, reprezantasyon politik ak otonomi ekonomik rete yon gwo defi. Nan analiz li, kestyon sa a pa sèlman sosyal; li estriktirèl. Lè yon fanm ap chèche emansipasyon sou tout kou e li souvan oblije konbat plizyè baryè an menm tan, baryè ekonomik, kiltirèl ak politik ak sosyal.
Apre tranblemanntè 2010 la, lavi vin chanje radikalman. Ane ki te swiv katastwòf la te make pa enstabilite, ensètitid ak yon sistèm sosyal k ap eseye rebati tèt li nan mitan kraze. Pou anpil jèn ayisyen, espesyalman fanm, aksè ak inivèsite ak opòtinite yo te vin pi konplike toujou. Se nan kontèks sa a Annavialice pran youn nan pi gwo desizyon lavi li : kite peyi natal li pou chèche yon avni pi ouvè. Apre li fini segondè nan lane 2011, se konsa yon 7 fevrye li kite Ayiti e après anpil chimen pase Sendomeng, Ekwatè, Chili, li rive ann Argentine. Kote ke li manke viktim nan peyi sendomeng
Migrasyon an pa t sèlman yon deplasman jewografik; se te yon transfòmasyon enteryè. Li kite dèyè yon peyi li renmen, men kote li te santi limit sosyal yo twò lou sou rèv li yo. Nan nouvo peyi li, li te oblije rekòmanse, adapte, aprann, batay ak prejije epi bati nouvo rezo sosyal. Men menm nan difikilte yo, li pa t abandone objektif li : etidye, fòme tèt li epi sèvi kòm yon vwa pou lòt moun.
Pasyone pa International Relations ak Gouvènman, Annavialice pouswiv etid li nan Universidad Argentina de la Empresa. Enterè li pou relasyon entènasyonal ak gouvènman pa soti sèlman nan kestyon diplomasi klasik, li mare ak kestyon migrasyon, dwa moun, entegrasyon ak rapò pouvwa ant Eta yo ak popilasyon mobil yo. Pou li, relasyon entènasyonal ak gouvènman yo pa dwe sèlman analize nan nivo gran desizyon jeopolitik; yo dwe gade tou kijan politik sa yo afekte lavi konkrè migran yo, ak devlopman peyi an general.
Yon lòt fòs nan pakou li se kapasite lengwistik li. Li metrize plizyè lang : espanyòl, franse, anglè, pòtigè, italyen, lingala ak kreyòl ayisyen. Miltibileng sa a pa sèlman yon avantaj pwofesyonèl, li vin tounen yon zouti kiltirèl, politik ak sosyal. Atravè tradiksyon ak medyasyon lengwistik, li ede kreye dyalòg ant kominote diferan, fasilite kominikasyon epi rann enfòmasyon pi aksesib pou moun ki souvan rete sou kote.

Angajman li pran yon dimansyon pi militan ak kreyasyon Marabou Kreol, yon kolektif ki mete kestyon envizibilizasyon, diskriminasyon ak dwa migran ayisyen ak migran an jeneral yo nan sant refleksyon li. Nan espas sila, Annavialice ak lòt fanm afro-desandan leve vwa yo kont enjistis yo. ANNA QUEEN jan yo te konnenl sou nom aktivis li, pa selman tao mobilize sou kesyon diskriminasyon, men sou plizye kesyon tankou : espesyalman sou kestyon emansipasyon fanm nwa migran, egalite ak dwa pou egziste san stigmatizasyon, kesyon akademik, entèprèt, tradiktriz, ak sèvis preliminè ak moun sou kesyon residans ak mach a swiv pou rantre nan inivèsite isit kote ke li te konnn toujou reponn prezan ak apèl divis moun ki konn nan difikilte sa yo. Avèk menm angajman sa li te arive kreye e mete sou pye premye Sant Kilti Ayisyen an Ajantin ki te rive inogore nan mwa me 2023
Pou Annavialice, youn nan pi gwo pwoblèm migran ayisyen yo ap fè fas se laperèz. Anpil moun pè denonse zak ak vyolans sou sibi paske yo panse sa ka mete pwosesis papye yo oswa estati migratwa yo an danje. Men li ensiste sou yon prensip fondamantal, migre se yon dwa, pa yon favè. Sa se yon pwen kle nan diskou li. Li batay pou fè migran yo konprann yo pa pèdi diyite ni dwa yo paske yo travèse fwontyè.
Pòtrè Annavialice Merline, CASIMIR se finalman istwa yon fanm ki refize kite limit sosyal defini avni li. Li se imaj yon jenerasyon fanm ayisyèn ki pa sèlman ap chèche siviv aletranje, men k ap konstwi espas enfliyans, k ap pwodwi lide, k ap defann kominote yo epi k ap patisipe nan chanjman estriktirèl sosyete yo.

Ant antrepriz, inivèsite, militanis ak sèvis kominotè, Annavialice montre ke lidèchip modèn pa mezire sèlman nan tit oswa pozisyon, men nan kapasite pou transfòme lavi lòt moun. Pakou li voye yon mesaj fò bay jèn fanm ayisyèn yo, orijin ou pa dwe limit ou. Olye de sa, li ka tounen sous fòs ou.
Pou Centre à la Une, Annavialice Merline. CASIMIR se pa sèlman yon fanm men pwofesyonèl k ap reyisi nan dyaspora, li se yon vwa antan ke aktivist pou devlopman moun, yon filantrop kap simen kilti ak listwa Ayiti tout kote li pase, se yon konsyans ak yon figi espwa pou yon jenerasyon k ap chèche plis jistis, plis reprezantasyon ak plis libète.