Gouvènman ayisyen an adopte bidjè jeneral Repiblik la pou ane fiskal 2026-2027 la, pou yon montan global 401 milya 200 milyon goud. Nouvo bidjè sa a rive nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak gwo defi nan domèn sekirite, ekonomi, sèvis sosyal ak òganizasyon eleksyon yo.

Dapre enfòmasyon ki disponib sou bidjè a, sekirite, eleksyon ak relans ekonomik se pami prensipal priyorite otorite yo fikse pou nouvo egzèsis fiskal la.

Nan bidjè 2026-2027 la, anviwon 73 milya goud prevwa pou sektè sekirite ak defans lan. Lajan sa yo konsène sitou estrikti ki gen rapò ak Ministè Jistis ak Sekirite Piblik ansanm ak Ministè Defans.

Finansman an dwe pèmèt Leta kontinye bay sipò pou Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs Ame d Ayiti (FAd’H), ansanm ak depans ki gen rapò ak operasyon, ekipman, lojistik, gaz, kominikasyon, antretyen ak lòt bezwen estratejik.

Gouvènman an prevwa tou kontinye aplikasyon pwogram P-4000, ki vize rekrite 4 000 nouvo polisye, pandan l ap kontinye ranfòse FAd’H yo. Kesyon konstriksyon ak fonksyònman enfrastrikti penitansye yo antre tou nan priyorite sektè sekirite a.

8,6 milya goud pou eleksyon

Pwosesis elektoral la jwenn yon plas enpòtan nan bidjè 2026-2027 la. Gouvènman an prevwa yon anvlòp 8,6 milya goud pou finanse aktivite elektoral yo ansanm ak sipò pou pati politik yo.
Montan sa a reprezante yon ogmantasyon parapò ak 5,9 milya goud ki te prevwa nan bidjè korektif 2025-2026 la.

Finansman sa a vini pandan peyi a ap prepare pou yon seri eleksyon ki dwe pèmèt renouvèlman enstitisyon politik yo. Dapre kalandriye elektoral ki te anonse a, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo ansanm ak referandòm konstitisyonèl la pwograme pou 13 desanm 2026, pandan dezyèm tou a ansanm ak eleksyon lokal yo prevwa pou 21 fevriye 2027, selon kondisyon ki pral egziste yo.

Relans ekonomi an rete yon gwo defi

Adopsyon nouvo bidjè a fèt nan yon kontèks kote ekonomi ayisyen an kontinye ap sibi gwo presyon. Ensekirite, feblès aktivite ekonomik yo, difikilte pou Leta ranmase revni ak bezwen sosyal k ap ogmante yo se kèk nan prensipal defi otorite yo ap konfwonte.

Nan kad bidjè 2026-2027 la, otorite yo mete aksan sou nesesite pou sipòte relans aktivite ekonomik yo, pwoteksyon sosyal ak sèvis piblik esansyèl yo.

Sepandan, kapasite Leta pou reyalize objektif sa yo ap depann anpil de nivo resous li kapab mobilize ak fason li egzekite depans piblik yo.

Preparasyon bidjè 2026-2027 la te kòmanse depi plizyè mwa. Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) ansanm ak Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE) te lanse ofisyèlman travay preparasyon bidjè a nan mwa jen 2026.

Apre sa, konferans bidjetè yo te òganize nan mwa out pou pèmèt diferan enstitisyon piblik yo prezante bezwen yo ak priyorite yo pou nouvo ane fiskal la.

Avèk yon anvlòp global 401,2 milya goud, bidjè 2026-2027 la mete sekirite, pwosesis elektoral la ak relans ekonomik la nan mitan gwo priyorite Leta ayisyen an. Rete kounye a pou wè nan ki nivo otorite yo pral kapab mobilize resous ki nesesè yo epi egzekite diferan pwogram ki prevwa nan dokiman bidjetè a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841