Yon vil ki pote mak kriz la
Jodi a, lè yon moun travèse Mibalè, sa li wè rakonte yon istwa douloure. Gen wout ki vin prèske pa pratik ankò, pye bwa ak move zèb anvayi anpil lari ak lakou, plizyè kay boule, tandiske lòt rete kanpe tankou kokiy vid, san lavi. Imaj sa yo kontraste ak Mibalè anpil moun te konnen an, yon vil ki te pami pi bèl ak pi dinamik nan Depatman Sant la. Men, dèyè destriksyon fizik sa a, gen yon lòt reyalite ki pi enpòtan toujou: se destriksyon sosyal ak sikolojik yon kominote.
Pa gen devlopman san moun
Plizyè teyori syantifik sou devlopman montre klèman se moun ki premye richès yon sosyete. Ekonomis Amartya Sen, ki resevwa Pri Nobèl Ekonomi, eksplike nan teyori « Development as Freedom » vrè devlopman pa mezire sèlman ak kantite wout, pon oswa bilding yon peyi genyen. Li depann sitou de kapasite moun yo pou viv an sekirite, patisipe nan lavi kominotè, travay epi reyalize potansyèl yo.
Menm jan an tou, Program Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) toujou mete aksan sou lefèt ke devlopman imen dwe vini anvan devlopman materyèl. Lè moun yo pa an sekirite, lè yo oblije kouri kite lakay yo oswa viv nan laperèz, tout lòt fòm devlopman vin frajil.
Sa eksplike poukisa yon vil ki gen enfrastrikti kapab tonbe byen vit lè popilasyon an pa kapab viv ladan l ankò.
Rekonstriksyon kòmanse nan tèt moun.
Anvan nou rebati kay, lari oswa mache, nou dwe rebati espwa, konfyans ak sans responsablite kolektif. Se sa espesyalis yo rele rezilyans kominotè: kapasite yon popilasyon pou leve ankò apre yon kriz.
Sa mande pou chak Mibalezyen kwè ankò nan lavni vil la, aksepte travay ansanm malgre diferans yo, epi mete enterè kolektif la devan enterè pèsonèl.San chanjman mantalite sa a, okenn pwojè rekonstriksyon pap dire lontan.
Yon apèl pou prepare demen
Depi jodi a, mwen envite tout pitit Mibalè prepare lespri yo pou rekonstriksyon yon Mibalè ki pi bèl pase sa li te ye anvan. Rekonstriksyon an pa dwe limite ak siman, fè ak beton; li dwe chita sou solidarite, disiplin, respè pou byen piblik, patisipasyon sitwayen ak lanmou pou kominote a.
Malgre tout difikilte vil la ap travèse, Mibalè toujou pwouve li se tè moun vanyan, moun pwogresis ak moun ki toujou kwè nan devlopman. Eritaj sa a pa dwe disparèt.
Konklizyon
Istwa montre plizyè peyi ak plizyè vil leve apre lagè, katastwòf oswa gwo kriz, paske popilasyon yo te deside rebati ansanm. Mibalè kapab suiv menm chemen an.
Rekonstriksyon reyèl la ap kòmanse jou chak Mibalezyen deside pote yon ti moso pa li nan chanjman an. Paske, an reyalite, yon vil pa devlope ak beton sèlman; li devlope ak vizyon, ak angajman, ak fanm ak gason ki chwazi bati lavni yo ansanm.
Sadrax ULYSSE, enjenyè an devlopman lokal