Gwoupman politik « En Avant pour Haïti » (EAPH) ak mouvman politik « Génération de la Rupture et du Réveil » (GRR) anonse yo siyen yon pwotokòl antant nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo.
Dapre yon kominike ki soti 16 septanm, antant lan mete ansanm EAPH, ki gen 17 pati politik ladan l, ak GRR, yon mouvman ki rasanble pèsonalite ansanm ak jèn lidè ki angaje yo nan lavi politik ak sosyal nan Grand Nò a.
Atravè akò sa a, de estrikti yo di yo vle kontribye nan mete sou pye yon nouvo òf politik ak elektoral. Yo vle tou ankouraje chwa kandida ki pataje menm valè, prensip ak angajman yo.
GRR ap jwe yon wòl nan chwazi kandida nan Grand Nò a
Youn nan pwen enpòtan nan pwotokòl antant lan konsène depatman Nò ak Nòdwès. Dapre sa ki ekri nan kominike a, GRR ap gen responsablite pou pwopoze, an konsiltasyon ak EAPH, pwofil ki kapab patisipe nan pwochen eleksyon yo sou banyè En Avant pour Haïti.
De òganizasyon yo presize kandida yo pral konsidere yo dwe pataje valè, prensip ak angajman komen ki nan antant lan.
Yo mete aksan sou renouvèlman klas politik la
Nan kominike a, EAPH ak GRR prezante alyans sa a kòm yon demach ki vize ankouraje nouvo pwofil nan lavi politik la, sitou jèn ak fanm, ansanm ak lòt pèsonalite yo prezante kòm moun ki kapab pote yon nouvo vizyon.
De estrikti yo di yo vle pwochen eleksyon yo vin yon moman kote sitwayen yo kapab fè chwa epi pran responsablite. Yo mete aksan sou nesesite pou genyen yon nouvo vizyon politik pou peyi a.
Alyans sa a fèt nan yon moman kote plizyè pati ak gwoupman politik ap pozisyone yo nan kad pwochen eleksyon yo. Avèk akò sa a, EAPH ak GRR anonse entansyon yo pou kowòdone aksyon yo, sitou nan Grand Nò a, nan pwosesis seleksyon kandida yo ak konstriksyon òf elektoral yo.