Gouvènman ayisyen an lanse, lendi 14 septanm 2026 la, Fonds pou Dividann Lapè an Ayiti (FDPH), yon nouvo mekanis ki vize soutni efò pou dezame gwoup ame yo, demantle rezo vyolans yo, fasilite reyentegrasyon moun ki soti nan gwoup ame yo epi diminye vyolans nan kominote yo.

Inisyativ sa a mete sou pye avèk sipò Nasyonzini (ONU). Li fèt pou ranfòse travay Komisyon Nasyonal pou Dezameman, Demantèlman ak Reyentegrasyon (CNDDR), pandan l ap konplete operasyon sekirite yo ak aksyon sosyal ki kapab ede moun ki afekte yo jwenn lòt altènativ epi pèmèt kominote yo retounen nan yon klima ki pi estab.

Nan okazyon lansman an, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé prezante FDPH a kòm yon nouvo zouti pou ede peyi a soti nan kriz sekirite a yon fason ki pi dirab. Daprè chèf gouvènman an, batay kont vyolans lan pa dwe limite sèlman ak operasyon fòs lòd yo, men li dwe akonpaye ak mezi ki kapab ankouraje reyentegrasyon, ranfòse estabilite kominotè yo epi kreye kondisyon pou yon lapè ki dire.

FDPH a jwenn sipò plizyè patnè entènasyonal, pami yo Lafrans ak Nasyonzini, nan objektif pou kontribye nan efò nasyonal k ap fèt pou retabli sekirite, diminye vyolans epi kreye kondisyon ki pi favorab pou estabilizasyon peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841