Depi plis pase sèt mwa, Mibalè ak Sodo ap viv youn nan pi gwo trajedi nasyonal yo, yon dram moun pa ka kontinye fè silans sou li. Pandan bandi yo ap simaye laterè, boule lekòl, kraze lopital, pran vil yo otaj, Leta rete tankou yon spektatè endiferan. Pèp la, sa vle di timoun ki pèdi klas yo, fanm k ap akouche nan raje, granmoun ki mouri san swen, tout sa yo vin tounen kolateral yon sistèm konplotis ant Leta ak Viv Ansanm, kote pawòl sou sekirite vin tounen mizik pou mas ki anba pye yo.

Nan peyi sa, ou pa bezwen je pou wè trayizon an. Chak semèn, ou tande diskou ak anons ki pa pote okenn aksyon. Gouvènman an fè deklarasyon, polis lan chanje chèf, fòs miltinasyonal la ap fè plan papye, pandan 11 ak 12 oktòb gang yo te deja lanse nouvo operasyon pou pran plis vil nan Depatman Sant lan. Nan yon peyi nòmal, sa ta sifi pou mobilize yon repons rapid, men an Ayiti, se silans ak absans ki repons lan. Leta vin tankou yon kò san nanm, san nè, san direksyon, ki fè konplo ak krim atravè inaksion li.

Lè w analize pi fon, ou remake se pa neglijans sèlman. Se yon estrikti politik ki bati sou trayi mas pèp la. Leta a ak alye li yo nan Viv Ansanm lan konn byen sa yo ap fè : yo sèvi ak laterè pou fè pèp la tounen bèt, pou retire l volonte, pou kraze solidarite kominotè a. Lè ou kraze yon vil tankou Mibalè, ou kraze yon modèl rezistans ; lè ou pouse popilasyon Sodo a deyò, ou efase memwa sakre yon pèp ki te toujou gen lafwa nan tè li. E pandan pèp la ap chèche refij, Leta ap prepare nouvo konplo politik li.

Nan tout sa k ap pase la, se popilasyon an ki pèdi. Pa gen lekòl, pa gen inivèsite, pa gen lopital, pa gen mache, pa gen lavi. Men gen ministè ki kontinye fonksyone ak bèl diskou sou “reparasyon sosyal” ak “dyalòg nasyonal”. Sa yo pa anyen pase mo vid. Chak semèn yo fè reyinyon ak misyon entènasyonal yo, men yo pa janm fè reyinyon ak pèp yo di y ap sèvi a. Chak jou yo ap di yo pa nan negosyasyon ak bandi, men se bandi k ap trase limit pouvwa yo. Se sa yo rele Viv Ansanm nan : yon asosyasyon ant enstitisyon ki ta dwe pwoteje pèp la ak nèg ki piye l, pou kenbe balans laterè a.

Èske se sa Dessalines te reve lè li di “Viv lib ou mouri” ? Non, jodi a se “Viv anba pè, men pa mouri” Leta ap pwopoze. Chak santèn fanmi ap dòmi anba tant, chak jèn k ap gade lavni li disparèt anba flanm politik, epi moun ki gen pouvwa ap jwe nan ministè tankou timoun nan lakou lekòl. Se pa yon gouvènman nou genyen, se yon sinema dramatik kote pèp la tounen figiran.

Leta ak Viv Ansanm nan fè alyans ak pèp la sèlman nan pawòl. Nan reyalite, yo fè alyans ak lajan, ak pouvwa, ak konplo, ak pwòp enterè pèsonèl yo. Tout sa k rive Sodo ak Mibalè jodi a se pa yon aza : se yon pwojè, yon modèl, yon taktik pou fè pèp la pèdi lespwa, pou li tounen depandan, pou li kwè delivrans ap soti bò palè pandan solisyon an toujou nan men li menm.

Pèp Mibalè, pèp Sodo, pèp Sant, Ayiti antye sonje sa : okenn pouvwa pa ka kraze fòs yon pèp ki sonje se li ki mèt tè li, se li ki mèt diyite li. Lè Leta ak Viv Ansanm fè alyans pou detwi nou, repons lan dwe sòti nan inite, nan kouraj, nan refi pou nou tounen pèp ki aksepte trayizon kòm yon desten. Ayiti pap janm sove ak konplo, men ak konesans, òganizasyon, ak solidarite.

Pèp ki lage batay la nan men lòt, se pèp ki deja pèdi.

Jean Launy Avril editoryalis-Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar