Yon ekspè Nasyonzini ki gen anpil tan k ap travay nan domèn konstriksyon lapè, epi ki gen eksperyans nan kèk nan pi konplike anviwònman sekirite nan mond lan, nonmen kòm reprezantan espesyal pou nouvo Gang Suppression Force (GSF) la, yon fòs ki deja otorize men ki poko deplwaye nèt ann Ayiti. Se gwoup peyi ki responsab siveye fòs Etazini sipòte a, yo rele Standing Group of Partners, ki nonmen li. Gwoup sa a gen ladan Etazini, Kanada, Salvador, Gwatemala, Jamayik, Bahamas ak Kenya, ak Godfrey Otunge kòm kòmandan fòs la.
Nan yon nòt pou laprès, Otunge deklare ke Jack Christofides, ki travay pandan anpil ane nan sistèm operasyon lapè Nasyonzini an, “pote eksperyans nan zafè politik, konstriksyon lapè ak lidèchip operasyonèl, sa ki pral esansyèl pou gide efò GSF la pou reponn kriz sekirite Ayiti a epi prepare wout pou yon lapè dirab.”
Dènye pozisyon Christofides te okipe, se te Direktè Depatman Zafè Politik ak Konsolidasyon Lapè ak Depatman Operasyon Lapè pou Nò Afrik, nan New York. Ant 2020 ak 2023, li te Adjwen Chèf Misyon ak Direktè Zafè Politik ak Sivil pou Fòs Pwovizwa Nasyonzini nan Liban (UNIFIL), kote li te jwe yon wòl kle nan avanse estabilite ak dyalòg politik nan yon kontèks difisil. Li te tou Direktè Divizyon Afrik II nan Depatman Operasyon Mantenans Lapè, epi Direktè Politik, Evalyasyon ak Fòmasyon nan Depatman Operasyon Lapè ak Sipò sou Teren.
Misyon GSF la se restore otorite leta ak lòd piblik, diminye kontwòl teritoryal gang yo, sekirize enfrastrikti esansyèl, epi sipòte pèp ayisyen an pandan y ap travay pou retounen nan gouvènans eli demokratik ak estabilite alontèm.
Fen mwa septanm nan, Konsèy Sekirite Nasyonzini te otorize deplwaman nouvo fòs entènasyonal sa a pou ranplase misyon miltinasyonal sekirite a ke Kenya t ap dirije, ki te an difikilte. Fòs la sipoze retabli otorite leta, diminye kontwòl gang yo, pwoteje enfrastrikti kle, epi ede popilasyon an sou wout pou retounen nan eleksyon ak estabilite dirab.
Men plizyè mwa aprè vòt la, toujou gen anpil ensètitid sou finansman fòs la, sou deplwaman total li, epi sou ki kote 5 500 sòlda yo — majorite militè — ap sòti. Yon konferans pou ranmase lajan, òganize pa Etazini ak òspite pa Kanada, pwograme pou fèt nan New York nan jou k ap vini yo. Yon nouvo Haiti Support Office, ki sipoze jere lojistik fòs la, ap operasyonèl anvan sezon prentan.
An menm tan, peyi yo ap negosye toujou sou konsèp operasyonèl fòs la, ki lakòz enkyetid, sitou paske anpil jèn ak timoun fè pati gang ayisyen yo. Nan mitan kominote entènasyonal la ak ann Ayiti, anpil moun ap ensiste ke misyon fòs la pa dwe sèlman konsantre sou touye manm gang yo. Y ap mande pou gen yon estrateji lokalize pou aksyon ki pa militè, pou yon vrè pwosesis konstriksyon lapè ka finalman pran wout ann Ayiti.
Pou kounye a, se tann pou wè, paske konsèp operasyonèl la kontinye lakòz diskisyon ant peyi patnè yo, pandan Washington ap pouse pou gen eleksyon, menm si plis pase 1.4 milyon moun deplase andedan peyi a, epi gang yo ap elaji enfliyans yo nan zòn riral yo chak jou plis.
Pandan wikenn lan, gang ame yo te atake Pont-Sondé, yon lokalite riral nan Ba Latibonit, sa ki fòse dè milye moun kouri kite kay yo k ap boule. Omwen 10 moun konfime mouri, selon otorite lokal yo, ki di sitiyasyon an toujou volatil, e yo poko ka etabli bilan final la.
Atak yo lakoz gwo fristrasyon nan kominote a, kote lidè lokal yo di yo te mande plizyè fwa pou dròn ak lòt ranfò, men yo pa jwenn anyen, sa ki fè popilasyon an rete vilnerab devan atak gang Gran Grif la.
Anplis Pont-Sondé, gang yo tou byen plase nan zòn Arcahaie, kote drapo Ayiti te pran nesans. Majistra vil la, Wilner René, konfime sou radyo Magik 9 madi a ke se yon sitiyasyon ki ap degrade depi 15 jou. Li esplike kijan kominote agrikòl la antoure pa alye kowalisyon gang Viv Ansanm, ki kontwole Mònwouj (Montrouis), yon ansyen zòn touris ak rezidans liksye, nò Arcahaie, epi Kabare (Cabaret) nan sid li.
“Gang yo boule kay, touye moun,” majistra a di, epi li konfime rapò ki fè konnen gang yo boule yon kamyon gaz nan Bercy, yon lokalite ki chita ant Arcahaie ak Cabaret sou RN #1 ki konekte kapital la ak nò peyi a. Pami viktim yo te gen yon ajan espesyalize nan Polis Nasyonal d Ayiti.
Malgre PNH la ak brigad pwoteksyon kominotè yo rete sou gad, yo pa gen kapasite pou bay yon repons efikas.