Ant 27 ak 30 novanm 2025, nan peyi Malta, yon zile stratègik nan kontinan Ewopeyen an te tounen kapital mondyal mouvman sosyal-demokrat yo . Plizyè lidè ki sòti nan 5 kontinan te reyini pou yon Kongrè entènasyonal kote solidarite, vizyon politik ak dyalòg ant pèp yo te melanje ak gwo refleksyon sou lavni demokrasi mond la. Nan mitan figi enpòtan yo, te prezan Pedro Sánchez, Prezidan Gouvènman Panyòl la, ki se tou Prezidan Entènasyonal Socialiste, ansanm ak Premye Minis Malta a ak Vis-Premye Minis peyi a, plis minis , depite senatè lòt peyi, ki te patisipe nan ouvèti ofisyèl konsèy la. Se nan espas istorik sa a, Pati Fusion des Sociaux-Démocrates Haïtiens te pran yon plas distenge, ak yon entèvansyon ki make konsyans tout patisipan yo : sa ki soti nan vwa Wooby Jacques, vis-responsab zafè entènasyonal pati a e chef delegasyon sa .

Entèvansyon Wooby Jacques la te kanpe kòm youn nan pi pwofon ak pi estriktire nan tout kongrè a, pa sèlman pou jan li dekri dram pèp ayisyen an, men pou jan li lye kriz Ayiti a ak batay global pou defann demokrasi ak jistis sosyal. Wooby te prezante Ayiti pa kòm yon peyi ki fin pèdi, men kòm yon sosyete ki kenbe yon kapasite rezistans ekstraòdinè malgre yon chèn kalamite san parèy k ap ravaje matris pèp la . Li te mete devan delegasyon yo gravite vid enstitisyonèl la nan peyi a : plis pase sis ane san eleksyon, yon palman ki disparèt, yon Leta san kontrepouvwa, epi yon pèp ki pèdi konfyans nan estrikti politik yo. Pou anpil moun nan sal la, sa te yon rapèl klè ke Ayiti pa sèlman ap viv yon kriz momantane, men yon efondreman konplè fonksyònman leta demokratik la.

Nan diskou li, Wooby Jacques te kontinye ak yon analiz byen detaye sou sitiyasyon sekirite a : 85 % kapital la, Pòtoprens, anba kontwòl gwoup ame, yon reyalite ki te choke anpil reprezantan entènasyonal yo. Li te eksplike kijan ensekirite a pa sèlman yon kesyon kriminèl, men yon mekanis ki anpeche peyi a respire, devlope, ak òganize eleksyon. Li te raple ke fòs miltinasyonal la, teyorikman dirije pa Kenya, pa t rive pote soulajman popilasyon an espere a. Men li pa t rete sèlman nan kritik : Wooby te montre kijan echèk la lye ak yon mank vizyon politik, yon absans kowòdinasyon, epi yon refi pou trete kriz Ayiti a kòm yon kesyon estratejik entènasyonal ki mande yon angajman ki pi konsekan.

Nan yon pasaj ki te fè sal la vin silansye, Wooby te temwaye sou atak ki te fèt kont lokal Pati FIZYON an Ayiti pa moun ki gen move entansyon nan tèt yo . Li te dekri kijan wòch, boutèy ak lòt mwayen destriksyon te frape lokal la. Wooby te montre jan aksyon sa a pa t sèlman yon zak vandalis, men yon atak dirèk kont demokrasi ayisyèn nan. Li te eksplike ke lè yo frape espas kote lide yo dwe konstwi, kote jèn yo dwe fòme, kote pwojè pou peyi a dwe pran nesans, se rasin Repiblik la y ap vize. Analiz sa a te touche anpil lidè nan sal la, ki te reyalize ke batay politik Ayiti a pa abstrè : li gen figi, li gen vwa, li gen viktim, e ki mande yon solidarite solid.

Anpil lidè Entènasyonal Sosyalis te bay entèvansyon FIZYON an plis pwa politik. Nan reyaksyon li, yo te felisite klate ak kouraj analiz Wooby Jacques yo, e yo te raple tout delegasyon yo ke Ayiti pa kapab rete yon dosye periferik. Yo salye batay pèp ayisyen an epi yo te repete angajman peyi yo pou soutni rezolisyon ki vize estabilize Ayiti. Plizyè reprezantan nan kontinan Afriken, Azi, Amerik Latin ak Karayib la te mande pou ranfòse solidarite pratik ak Pati FIZYON ak fòs demokratik ayisyen yo.

Daprè sa Wooby Jacques te mete aksan sou li, solisyon Ayiti a dwe pase pa eleksyon, pou gen yon retou konfyans nan enstitisyon yo, pou refòm fonksyònman leta a . Li te envite tout patnè sosyal-demokrat yo sipòte FIZYON pou reòganize estrikti teritoryal yo, fòme militan yo, epi prepare yo pou pwochen batay elektoral ki dwe louvri pòt pou retablisman lòd nan Repiblik la.

Pou fini, entèvansyon Wooby Jacques la te montre sa anpil moun te souvan bliye : Ayiti pa pèdi. Gen vwa ki pale pou li. Gen fòs ki kanpe pou li. E Pati FIZYON, nan Malta, te montre ke li se youn nan poto mitan batay pou retabli demokrasi, jistis sosyal, ak diyite pèp ayisyen an. Kongrè Malta a te montre tou ke, lè vwa Ayiti jwenn espas pou l pale ak respè, li kapab enspire, mobilize e raple mond lan ke solidarite sosyal-demokrat la toujou gen sans.

Jean Launy AVRIL, editoryalis ak redaktè Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar