Apre plizyè ane kriz finansyè, Biwo Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Maternite anonse yon gwo vire nan jesyon li. Ak plis pase 571 milyon goud dèt pase deja peye epi 800 milyon goud mobilize ak sipò Leta selon yon kominike OFATMA mete deyò 14 janvye 2026 la. Yo presize OFATMA pran angajman pou jere nouvo aryere yo epi retabli konfyans ak prestatè swen sante yo.
Biwo Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Maternite (OFATMA) anonse li antre nan yon nouvo faz responsabilite finansyè, apre li fin regle plis pase 571 milyon goud dèt ki te akimile ant 2018 ak 2024, pandan li pran angajman pou jere nouvo aryere yo nan pi bon delè posib.
Dapre enfòmasyon Centre à la UNE ranmase, yon pwotokòl akò te siyen ant OFATMA ak Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) pou fasilite regleman aryere peman ki kouvri peryòd 9 desanm 2024 pou rive 30 septanm 2025. Akò sa a vize asire estabilite finansyè enstitisyon an epi garanti kontinite sèvis swen sante pou asire yo.
Depi li antre an fonksyon, Direktè Jeneral OFATMA a, Enjenyè Agronòm Vikerson Garnier, lanse yon seri aksyon pou netwaye dosye dèt istorik enstitisyon an. Peman plis pase 571 milyon goud sa a, selon direksyon jeneral la, se yon siy klè volonte administrasyon an genyen pou retabli disiplin finansyè epi konsolide relasyon OFATMA ak tout patnè li yo nan sistèm sante nasyonal la.
Sepandan, enstitisyon an rekonèt li te fè fas ak gwo obstak apre aplikasyon barèm tarifè ki te adopte 9 desanm 2024 la. OFATMA fè konnen barèm sa a te adopte deyò kad legal ki egziste, san okenn etid apwofondi, sa ki rann li legalman difisil pou aplike epi finansyèman ensoutnèb. Konsekans dirèk sitiyasyon sa a se te enkapasite OFATMA pou trete nòmalman reklamasyon medikal prestatè swen yo te soumèt ant desanm 2024 ak septanm 2025.
Fas ak pwoblèm sa a, nouvo ekip dirijan an di li pa rete san reyaji. Nan dat 8 desanm 2025, OFATMA siyen yon akò fòmèl ak MEF, ki pèmèt 800 milyon goud debloke, fon ki dwe sèvi espesyalman pou regle aryere peman yo.
Nan nòt li pibliye a, OFATMA reyasire tout asire li yo, ansanm ak prestataire swen sante yo, ke mezi konkrè, estriktire ak operasyonèl deja sou pye pou asire yon regleman pwogresif, òdone ak dirab tout kreyans yo. Enstitisyon an repete angajman li pou kontinye bay sèvis yo san entèripsyon, pou pwoteje estabilite sistèm sante a, epi pou respekte tout obligasyon li sou tout teritwa nasyonal la.