Polis Nasyonal Ayiti (PNH) anonse mèkredi 14 janvye 2026 la, nan tèt kole ak Fòs Lame Dayiti (FAD’H), ‘Task Force’, FSG epi PMC yo mennen yon operasyon nan Dèlma 6, lakay chef gang Jimmy Cherizier.

Yon operasyon miskle dewoule nan Ba-Dèlma pi presizeman nan Dèlma 6, mèkredi 14 janvye 2026 la. Daprè dènyè enfòmasyon yo, inite espesyalize nan PNH la, apiye pa ‘Task Force’ la, pwogrese nan baz chèf « Viv Ansanm » nan Jimmy Cherizier alyas Barbecue. Lapolis fè itilizasyon plizyè dwòn kamikaz tou pandan operasyon sila fòs lòd yo mennen an, daprè sa divès moun siyale.

Polis Nasyonal Ayiti ki ap mennen operasyon nan sant-vil Pòtoprens sanble detèmine pou libere plizyè aks woutye bandi yo te bloke epi deloje gang yo. PNH la pwofite prezante bilan dènyè operasyon yo lendi 12 janvye pase a pandan yon konferans pou laprès : yon total 34 zam sezi ak 12 259 katouch, epi plizyè materyèl sezi.

Kite nou fè remake, lapolis, FAD’H, Task Force, FSG ak PMC sou 2 pye militè yo depi plizyè semèn ap trake divès gang ak kachèt bandi yo nan Pòtoprens. Popilasyon an swete lapolis kontinye avèk operasyon yo nan Pòtoprens tankou nan divès vil nan pwovens gang yo kontwole.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841