Depi li monte kòm Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire te sipoze pote yon nouvo souf nan direksyon politik Ayiti. Dènye toune entènasyonal li a, kote li te rankontre ak gwo lidè mondyal yo epi pale ak laprès, te dwe sèvi pou l fòme imaj yon otorite ki kapab mennen tranzisyon an nan bon jan kondisyon. Men, sa ki pase a se kontrè : nan entèvyou li bay, li parèt yon mank preparasyon, gen twòp ezitasyon, epi manke diplomasi nan pawòl li.

Yon toune diplomatik ki nesesè, men ki mal prepare

Lè Leslie Voltaire te vizite Lafrans, li te resevwa nan Palè Élysée pa Prezidan Emmanuel Macron. Te gen anpil dosye enpòtan sou tab la : sekirite, demokrasi, èd entènasyonal pou Ayiti. Men, olye pou li pwofite ouvèti sa a pou mete yon vizyon klè sou lavni peyi a, li te pale an jeneral san li pa bay direksyon ki solid. Li rate okazyon an pou reyalize pi bon akò pou Ayiti.

Entèvyou li yo : Yon kominikasyon frajil ak mal prepare

Leslie Voltaire te bay entèvyou sou RFI, France 24, ak TV5 Monde. Sa te dwe sèvi pou montre li gen kontwòl sou tranzisyon an, bay pèp ayisyen an ak kominote entènasyonal la asirans, epi mete pwa li kòm yon lidè kredib. Malerezman, li parèt ezitan, manke presizyon, epi li pa metrize kominikasyon politik.

Sa ki frape plis se fason li pale sou ansyen prezidan Michel Martelly. Li di : « yon atis ki te prezidan » epi li deklare li se « yon bandi ki legalize gang ann Ayiti ». Malgre anpil moun ka panse sa li di a gen yon verite ladan l, se pa fason sa a pou yon lidè pale sou sèn entènasyonal. Diplomasi mande plis taktik, plis entèlijans. Yon bon politisyen ta ka esplike menm reyalite sa a nan yon fason ki pi klè, pi analitik, san li pa tonbe nan atak pèsonèl.

Yon lidè politik pa ka pale tankou yon aktivis lè l ap pale ak jounalis entènasyonal yo. Li dwe chwazi mo li ak entèlijans, sèvi ak analiz istorik ak politik pou mete pwen li klè san l pa pèdi respè. Leslie Voltaire rate egzamen sa a.

Konsekans yo : Yon imaj frajil ak mank kredibilite

Lè kominote entènasyonal la wè yon prezidan ki ezite, ki pa bay mesaj klè, ki pa gen bon jan estrikti nan diskou li, sa vin fè anpil moun poze kesyon sou kapasite Konsèy Prezidansyèl la pou mennen tranzisyon an. Yon moun ki manke diplomasi ak taktik politik riske pèdi konfyans patnè entènasyonal yo epi pèp ayisyen an ka santi li pa gen direksyon klè.

Nan moman Ayiti ap chèche sipò pou estabilize sitiyasyon an, Leslie Voltaire dwe konprann ke chak mo li di gen pwa, chak fraz li se yon estrateji. Si li pa chanje metòd li, li ka pèdi tout opòtinite pou Ayiti jwenn sipò solid pou soti nan kriz la.

Kisa li dwe fè pou pi devan ?

Nouvo Ayiti a bezwen lidè ki ka kominike ak entèlijans, ki ka analize san pasyon, epi ki ka prezante yon vizyon klè. Leslie Voltaire dwe travay ak konseye ki metrize kominikasyon politik, prepare entèvyou l yo pi byen, epi chwazi mo li ak plis entèlijans.

Yon dirijan ki pa metrize kominikasyon li pral toujou mete tèt li nan pwoblèm epi pèdi opòtinite. Si tranzisyon sa a vle reyisi, li dwe chanje metòd li imedyatman. Peyi a bezwen yon lidè ki kapab klè, estratejik, epi ki ka mennen Ayiti sou wout chanjman an. Sinon, nou riske retounen nan menm sik malouk la ankò.

Pawòl pa chita sou lè. Yo se zouti ki ka konstwi nasyon oswa detwi li. Leslie Voltaire gen chwa pou l mete bon jan estrateji kominikasyon oswa kontinye fè erè ki ka koute peyi a chè. Se kounye a pou li chanje !

Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841