E pou rezèv lò AYITI Etazini te piye an 1914 la, kisa Ayisyen dwe konnen
Asanble Nasyonal fransè a apwouve, jedi 5 jen 2025 la, pwopozisyon rezolisyon ki vize pou Lafrans rekonèt, ranbouse epi repare doub dèt li anvè Ayiti. N ap raple, 17 avril 1825 gouvènman fransè nan epòk la Chal X te òdone prezidan Jean Pierre Boyer peye Lafrans 150 milyon fran-ò pou rekonèt Endepandans Ayiti ak dedomaje ansyen kolon yo.
Tèks la envite Gouvènman fransè a pran yon priz konsiderasyon de demann ranbousman an epi pou etidye pwosesis restitisyon « doub dèt » Lafrans te enpoze avèk Ayiti ki te onore nan entegralite li epi tou mizanplas yon Komisyon Endepandan. Asanble nasyonal la fè apèl tou pou inisye ak pou soutni tout inisyativ ki enskri nan yon demach jistis pou reparasyon an. Se « Groupe GDR Communistes et Ultramarins » ki pwopoze tèks la.
Nan diskou li fè nan kad selebrasyon 221èm anivèsè Endepandans peyi Ayiti mèkredi 1e janvye 2025 la nan Vila Dakèy, prezidan Leslie Voltaire ki pwomèt sekirite ak eleksyon pou 2025 la, mande Lafrans restitiye Ayiti lajan endepandans Lafrans te enpoze Ayiti a nan dat 17 avril 1825.
Men sa prezidan Voltaire di : « 1825-2025 : 200 zan depi Lafrans te fòse Ayiti peye lajan pou endepandans li. Enjisitis istorik sa a ralanti devlopman nou epi li rete tankou yon blesi ki pa janm geri. Jodi a, Ayiti mande jistis: remèt kòb sa a ak reparasyon pou tò esklavaj la komèt sou Pèp sa a. Esklavaj tout moun dakò se yon krim kont limanite.»
N ap note, Leslie Voltaire pa premye prezidan ki mande Lafrans lajan sa a. Nan lane 2004, ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te deja mande Lafrans kòb sa a, ki te evalye, nan epòk la, a anviwon « 21 milya » dola ameriken. Pou anpil moun, se youn nan rezon ki ta pral jere ansyen prèt la sou pouvwa a.
Nan dat jedi 26 septanm 2024, sou tribin Nasyonzini nan kad 79èm sesyon asanble jeneral Nasyonzini an, men kijan ansyen prezidan Edgard Leblanc Fils te abòde kesyon pèman dèt endepandans lan Lafrans dwe Ayiti :
« An 1825, apèn 21 lane aprè li te genyen libète li atravè yon batay ewoyik, Ayiti te oblije peye yon dèt kolosal ak Lafrans, peyi kolonizatè a, ann echanj pou rekonesans endepandans li. Ranson sa a, enpoze anba menas, kraze resous jèn nasyon an, plonje li nan yon nan povrete san parèy li toujou ap lite pou chape. Dèt sa a se te yon fòm pinisyon pou kouraj li nan libere tèt li anba chenn esklavaj yo ak ogmante èt Ayisyen an nan diyite Moun. Se te yon penalite enjis ki te toufe potansyèl ekonomik ak sosyal pèp nwa Ayiti a pou jenerasyon.
Nan kontèks jodi a kote plis pase tout tan atansyon konsantre sou efò pou retabli sekirite imedyatman epi reponn a gwo bezwen imanitè ann Ayiti, li sanble enpòtan pou m atire atansyon Asanble a sou konsekans pase kolonyal la ak ranson yo. Pèman sa a mete an danje devlopman Ayiti. Se pa san enterè. Sonje Ayiti se sèl peyi ki te peye pou jwenn endepandans li l te pran,
poutan, nan dife ak san. Nan lavèy bisantnè evènman san parèy sa a nan listwa mondyal la, èske lè a pa rive pou restitisyon kantite lajan sa yo kòmanse akòde » ?
Nan yon atik jounal nouvelis te pibliye nan dat 20 me 2022, ekonomis fransè Thomas Piketty te deklare an 2022, Lafrans dwe peye Ayiti 28 milya dola ameriken ki konsènen dèt endepandans lan.
Selon Dr. Jean Fils Aimé, an desanm 2024, kantite kòb Lafrans dwe Ayiti sou odònans 150 milyon fran-ò wa Charles X te enpoze prezidan Jean Pierre Boyer an 1825 pou pèmèt Lafrans rekonèt endepandans Ayiti a, moute ant 31 e 33 milya ewo.
Yon repòtaj France-Culture te fè sou dèt endepandans lan te di Ayiti te fin peye Lafrans nan lane 1888, epi enterè yo te ranbouse totalman nan lane 1950.
N ap fè remake, Lafrans pa sèlman peyi ki dwe Ayiti. Nan lane 1914, Etazini te antre nan « Bank Ayiti », epi pran rezèv lò Ayiti te genyen. An 2022, kantite kòb Etazini te dwe Ayiti parapò ak valè lò yo te pran ann Ayiti, te deja evalye a 176 milyon dola ameriken. Poutan, prèske 115 lane aprè, anyen pa janm di sou evènman istorik sa a ki, poutan, parèt kòm yon zak brakaj menm jan ak lajan rekonesans endepandans Lafrans te pran nan men Ayiti kòm endamnite a.
Èske finalman Ayiti ap jwenn restitisyon sa yo ki sanse ap trè benefik pou ekonomi peyi a ?
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE