Reprezantan Leta, direktè jeneral Direksyon Jeneral Enpo a Romial Petit bay rezon poukisa li rekize ansanm Majistra k ap egzèse fonksyon jij refere nan Tribinal Premyè Enstans (TPI) Ench lan atravè ak rekizasyon an mas li a li fè madi 24 jen 2025 lan.

Direktè jeneral DGI a pwosede ak rekizasyon an mas tout jij nan Tribinal Premyè Enstans Ench yo nan kad dosye ki mete fas a fas Leta ak popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo. Romial Petit ale fizikman nan grèf TPI Ench lan pou li rekize tout jij yo, daprè enfòmasyon ki disponib.

Mèt Jamann THELEMAQUE ki fè pati gwoup avoka konstitiye yo fè konnen li pa genyen okenn kòmantè sou demach avoka Leta yo pa-avan odisyon afè a ki fikse pou jedi 26 jen 2025 lan pa Mèt Érode TERCIUS, dwayen annanprè Me Leoster LOUIS ki se jij delege pou tranche sou konsta jan li ye a. Mèt Thélémaque presize odyans lan ap fèt detoutfason, y ap genyen pou pran avantaj nan non dwa.

Men fè direktè jeneral Enpo a soulve pou li poze zak rekizasyon an mas kont tout jij yo nan dosye sa : pledwari yo kapab sisite mouvman leve kanpe nan vil Ench ; enfliyans reprezantan gwoup sosyopolitik demandè yo nan pwosedi a. Pou DG Romial Petit, se sa yo ki konstitiye yon rezon serye pou li doute de enpasyalite jij refere yo nan jiridiksyon Ench.

Direktè jeneral la rapousuiv pou li di fè li soulve yo kapab sisite apresiyasyon ki fonde ak sispisyon ki lejitim kont tout Majistra k ap egzèse fonksyon jij refere nan Tribinal Premyè Enstans Ench lan.

Selon Mèt Robenson MAZARIN, « reprezantan Leta ayisyen an Romial Petit ap tante jistifye rezon poukisa li rekize ansanm Majistra k ap egzèse fonksyon jij refere nan TPI Ench lan. » Mèt Mazarin souliye nan tout peyi nan monn lan, tout monn lan konnen sèl Leta ki genyen monopòl vyolans lan ; Leta genyen kapasite pou li garanti sekirite Avoka sa yo ak direktè Romial Petit. Avoka Robenson raple Leta genyen abitid pou reprime gwo manifestasyon nan kapital la ; dayè, li chanpyon nan bagay sa, daprè Mèt Mazarin.

Pi lwen, Robenson Mazarin presize nou konstate atravè zak sa Leta pa fè konfyans avèk jij li menm li nonmen yo ; Leta akize yo deja pasyal. Mèt la di se yon eskandal. Robenson Mazarin fè konnen detoutfason, se soulve yon pwen minè dwa pou anbwouye afè a ; li vle fè pase tan nan objektif pou raple jwè li yo lakay li. Mèt Mazarin kalifye dilatwa ak iresponsab mannyè reprezantan Leta ayisyen an pwosede. Mèt Robenson Mazarin fini reyaksyon l la pou li di, y ap raple defèt dwa a toujou pwovizwa ; pa genyen lòt chwa se obeyi egzateman ak pwomès lalwa ; sinon, nenpòt jan sa ye, dwa popilasyon Sodo-Mibalè a ap fini pa triyonfe, yon jou oubyen lòt.

Jacky Médé Fontaine
Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.