Nan dat 25 jen 2024, Ayiti te resevwa ak gwo seremoni 144 polisye k ap soti Kenya. Se te sousi flach kamera, diskou ofisyèl, gwo aplodisman. Otorite yo te fè kwè se te moman lespwa. Twa elikoptè te mobilize, plis pase 40 milyon dola ameriken te anonse kòm fon pou soutni misyon miltinasyonal la, ki sipoze ede retabli sekirite nan peyi a. Moun te pale de rekòmansman, de chanjman, de delivrans. Men jodi a, yon lane apre, tout sa ki rete se silans, lanmò ak fache kè.
Misyon miltinasyonal la pa reyalize okenn rezilta konkret. Gang yo toujou ap kontwole Pòtoprens, Kenscoff vin yon vil mò, Carrefour anba menas, Latibonit prèske finn kontwole pa gang yo, Mibalè e sodo anba men gang yo epi lòt vil sou alèt . Okenn komin pa retounen vre anba kontwòl Leta. Kidonk, kote elikoptè yo? Kote sòlda yo? Kisa yo reyisi? Yo pa dezame okenn gang, yo pa sekirize okenn katye, e popilasyon an pa jwenn okenn souf. Sa ki plis fè mal, se wè jan Konsèy Prezidansyèl la ap fè silans sou sa. Otorite yo pa poze kesyon, pa mande bilan, pa mete presyon. Yo prefere fè silans pou pa fâche enstitisyon entènasyonal yo.
Lajan ap depanse, peyi ap fonn. Gwo zam, gwo kostim, gwo diskou, men nan reyalite, se timoun k ap dòmi anba tant, fanm ansent k ap mouri san swen, jèn k ap deplase san anyen. Lè w tande kantite lajan ki pase nan men moun, ou t ap kwè peyi a t ap fleri. Men nou pa wè anyen. Gang yo toujou ap viv pi byen pase lapolis. Moun ap mouri chak jou. Kote sekirite a? Se pa lajan ki bay sekirite, se volonte, plan, aksyon. E sa yo, nou pa wè yo.
Se vre misyon miltinasyonal la pa soti Ayiti. Men li pa la non plis. Prezans li pa bay okenn chanjman. Sa ki pi grav la, se ke otorite peyi a pa gen kontwòl sou sa ki ap fèt. Yo sèvi ak misyon sa a kòm esplikasyon pou echèk pa yo. Pandan se tan, peyi a ap tonbe, e pèp la pa ka fè anyen. Se pa posib pou pèp ap viv konsa, san sekirite, san vizyon, san lidè ki pran angajman.
Jodi a, nou dwe mande repons. Se pa politik imaj ak diskou ki ka sove Ayiti. Se aksyon ki baze sou reyalite pèp la. Si misyon an pa itil, fòk nou di sa. Si otorite yo pa kapab, fòk yo admèt sa. Fòk nou mete sou pye yon lòt jan pou fè sekirite mache. Fòk plan sekirite a pa fè pati sèlman de dosye entènasyonal. Fòk li soti bò kote pèp la, ak moun ki sou teren an.
Misyon miltinasyonal la tounen yon boukliye ki pa kenbe kout zam. Li fè plis bri pase sekirite. Li tounen yon makiyaj pou gouvènman ki pa gen repons. Pèp la merite plis. Pèp la merite verite. Pèp la merite sekirite ki sòti nan tèt, pa nan afich. E si gouvènman an pa ka bay sa, se dwa pèp la pou leve di: ase se ase.
Jean Launy AVRIL Editoryalis – Centre à la Une