Òganizasyon SOS Jounalis lanse yon apèl ijan nan dat 6 dawout 2025 la, pou denonse presyon ak pèsekisyon yo estime jounalis ayisyen Guerrier Henri ap sibi, aprè plizyè tantativ otorite yo fè pou arete l. Daprè òganizasyon an, jounalis Radio Mega a se yon “potansyèl viktim” kidonk zak otorite yo, ki vize mete l anba kòd akoz travay li, totalman abitrè .

Nan yon kominike piblik, SOS Jounalis mete deyò yo kondane sa yo rele yon konpòtman “diskriminatwa” bò kote DCPJ. Yo kritike jan otorite yo kontinye atake jounalis la poutèt li te fè entèvyou ak manm gang, pandan ke jounalis etranje ki fè menm pratik la, pa sibi okenn represyon. Paralèlman Òganizasyon a mete aksan sou kouraj Guerrier Henri ki, malgre menas yo, te dakò kolabore ak Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ), nan respè etik pwofesyon li.

Anplis de sa, Committee to Protect Journalists (CPJ) atravè branch li pou Amerik yo, fè konnen jounalis la te oblije kouri kite peyi a poutèt menas k ap peze sou li. Daprè CPJ, akizasyon kap fèt kont li, tankou presime lyen li ta genyen ak gang ame, pa gen baz solid. Se sa Katherine Jacobsen, koòdonatris CPJ pou Etazini, Kanada ak Karayib la, mete an avan.

CSJ rapousib pou fè konnen ; Modèl akizasyon sa yo pa sèlman mete lavi jounalis yo an danje, men yo redui kapasite yo pou egzèse metye a san krent,” daprè sa Jacobsen deklare.

Paralèlman nan yon reyalite sosyo politik difisil kote laprès ayisyèn nan deja ap fè fas ak anpil presyon, ensidan sa a souliye plis toujou frajilite libète ekspresyon ak nesesite pou pwoteje dwa jounalis yo fè travay yo san entèferans ak entimidasyon.

Jefferson Bonissant Centre à la une