Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye yon sikilè nan dat 11 septanm 2025 la ki genyen rapò ak regilasyon ak kontwòl lekòl prive ki genyen estati etranje oswa entènasyonal yo.

Ministè a deklare nan sousi pou li mete yon fren nan lekòl prive etranje oswa entènasyonal yo k ap pouse tankou djondjon nan peyi a, epi k ap fonksyone dèyè do règ ak pwosedi administrasyon lalwa trase, li jije li nesesè pou li raple tout aktè ki konsène yo dispozisyon legal ki reglemante fonksyònman lekòl prive yo.

Dispozisyon sa yo, daprè presizyon MENFP, se :

  1. Dekrè 11 septanm 1974 la ki reglemante fonksyònman lekòl prive yo nan nivo primè ak segondè nan tout peyi a ;
  2. Arete 17 septanm 2014 la ki pale sou refòm fonksyònman lekòl yo nan peyi a ;
  3. Desizyon Ministè a te pran nan dat 10 jen 2022 ki te fikse gran oryantasyon pwosesis pou yo rekonèt lekòl prive yo epi ba yo otorizasyon pou fonksyone ;
  4. Politik nasyonal pou bay lekòl prive yo otorizasyon fonksyone yo rele PONAEP, jen 2022 ;
  5. Manyèl jesyon ak otorizasyon lekòl prive yo yo rele MAGAEP, jen 2022.

Ministè a vle raple tou, depi 2023, li te lanse operasyon an liy pou anrejistre tout lekòl yo nan Sistèm Enfòmasyon pou Jesyon Edikasyon an yo rele SIGE ki genyen kòm objektif :

  1. Delivre pèmi pou fonksyone bay lekòl yo ;
  2. Delivre pèmi dirije bay direktè pedagojik yo ;
  3. Delivre pèmi anseye bay anseyan yo ;
  4. Bay yon Nimewo Idantifikasyon Lekòl Pèsonèl (NISU) pou chak elèv.

Konsa, apati dat sikilè sa a pibliye, MENFP entèdi fòmèlman tout pèsòn fizik oubyen moral pou yo louvri osinon fè fonksyone yon lekòl ki genyen estati etranje oswa entènasyonal san yo pa genyen otorizasyon Ministè a dabò.

Kanta lekòl k ap fonksyone deja avèk tit lekòl prive etranje oswa entènasyonal, yo dwe konfòme yo daprè egzijans legal al règleman ki an plas yo.

Pou fini, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl presize sikilè sa a rantre nan demach pou ranfòse kolaborasyon avèk sektè prive a pou yo kapab mete kanpe politik nasyonal otorizasyon lekòl prive yo, sa ki se yon eleman enpòtan pou kontwòl ak gouvènans sistèm edikatif la.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.