Nan fen ane fiscal 2024-2025 la nan vil Ench plizyè antite medikal tankou; Sèvis vaksinasyon, Sèvis VIH, ak plizyè lòt reyini anba lobedyans Direksyon Depatmantal Sanitè Sant pou te òganize 3èm Foròm HEALTQUAL pou vin prezante bilans medikal yo epi reflechi sou yon pi bon swen sante pou popilasyon depatman sant lan.

Nan kad aktivite sila direktè depatmantal sanitè Sant lan doktè Wolve Yrvens CHarles fè konnen Direksyon an ap travay pou kontinye amelyore kalite swen yo nan tour rakwen Depatman an, li atire antansyon moun sou kolaborasyon yo dwe genyen pou rive ofri yon travay efikas

Jean Miché Jusmé ki se asitan teknik pwogram elaji vaksinasyon nan depatman an te pran la pawòl pou pale sou strateji vaksinasyon yo ak metòd konsèvasyon vaksen yo nan depatman an, vaksinasyon fiks, vaksinasyon mobil, asistan teknik la te fè konnen konsèvasyon vaksen yo fèt nan yon klima apropriye.

Responsab VIH la doktè Edmond Frantz bò kote pal fè konnen sèvis li an ap mache trè byen, e li te pwofite fè konnen pasyan kite nan ba plato yo pi presizeman Sodo ak Mibalè toujou sou kontwòl yo ak lòt sant de sante yo.

Doktè Santchez Nord ki ap travay nan sant sante Tomond lan ane a ranpòte premye pri pwojè swen de kalite a, li fè konnen amelyorasyon swen se yon obligasyon pou tout medsen pou sa founi bon jan sèvis pou yon pi bon sante

Menm lè ensekirite ap taye banda nan Depatman Sant pi presizeman nan awondisman Mibalè Direksyon Depatmantal Sanitè janmen bese lè bra toujou vle ameleyore swen pou Sila yo nan Depatman Sant

Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841