Gen yon reyalite ki parèt kòm yon paradi oxymoron nan sosyete nou an : plis yon moun panse, se plis li parèt etranj nan mitan moun ki pa reflechi. Se tankou refleksyon tounen yon zak subversif, epi kritik vin tounen yon menas. Nan espas sosyal ayisyen an, anpil moun pa fè distenksyon ant kritike ak meprize, ant reflechi ak atake, ant eksprime santiman ak analize yon fenomèn. Se la n antre nan nannan pwoblèm lan : yon konfizyon ant de règ ki ta dwe konplemantè santiman ak rezon.

Tout sosyete gen bezwen de santiman pou rete imen, men li gen bezwen de rezon pou rete vivan. Santiman se chalè ki fè n aji, men rezon se limyè ki montre nou kote pou n pase. Lè chalè sa depase limit li san limyè refleksyon, li boule olye li chofe. E se egzakteman sa k rive nou : nou boule pawòl, nou boule lide, nou boule moun, paske nou pa sèvi ak lespri pou mezire chalè santiman nou yo.

Yon entèlektyèl, jan Aristòt te esplike l, se pa yon moun ki konn anpil bagay, men yon moun ki konprann kijan bagay yo konekte ant yo.” Pou l rive la, fòk li devlope yon distans avèk sa l ap obsève. Li dwe wè tèt li kòm yon pati nan mond lan, men san l pa pèdi kapasite pou analize mond lan. Men nan sosyete ayisyèn nan, distans sa souvan entèprete kòm awogans, kòm frèt, kòm yon mank de lòt bò imen.” Nou bliye ke fè silans pou reflechi pa vle di ou pa gen santiman li vle di ou respekte pawòl.

Nou grandi nan yon kilti kote pawòl se yon libète, men nou pa toujou konprann responsablite ki vini ak libète sa. Lè yon moun pran tan pou analize, yo di li pran poz. Lè yon moun eseye eksplike, yo di li konplike. Lè yon moun chèche konprann, yo di li pa konprann lavi. Sa montre kijan emosyon vin tounen nòm, tandiske refleksyon vin tounen devyans. Men jan Platon te montre nan Repiblik la, sosyete a pa ka fonksyone sou santiman sèlman, li bezwen gadyen panse yo”, sa vle di moun ki gen kapasite pou yo gide pasyon an ak rezon, pa ak emosyon selman.

Sosyete nou an ap grandi, men anpil fwa, se tankou li grandi san kolòn vètebral entelektyèl. Nou renmen reaji, men nou pa toujou reflechi sou reyaksyon nou. Nou renmen bay opinyon, men nou pa konn sou ki baz opinyon nou chita. Epi lè yon moun poze kesyon, li vin sispèk. Se la epistemoloji antre nan jwèt la. Epistemoloji, se pa yon mo ki pou etidyan inivèsite sèlman, men se zouti pou tout moun ki vle aprann kijan pou yo panse byen. Se atizay pou konnen kijan nou rive konnen, e pou kesyone pwòp fason nou konprann sa nou konnen.

Yon sosyete ki pè kesyon se yon sosyete ki pè pwòp limyè li. Lè tout sa nou fè, nou fè l paske se konsa yo toujou fè l,” nou tounen esklav tradisyon san refleksyon. E lè tout sa nou kwè, nou kwè l paske “tout moun kwè l,” nou tounen pèp san konsyans, pa pèp san lafwa. Nou vin ap viv nan yon lanfè kote konesans pa sèvi ak verite, men sèvi ak emosyon.

Men vrè entèlektyèl la, menm lè l ap viv nan yon lanfè konsa, li rete fidèl ak limyè li. Li konprann, jan Kant te di l, ke sòti nan minorite entelektyèl la se zak kouraj.”Li pran risk pou l di sa lòt yo pa vle tande, li pran risk pou l panse nan yon direksyon diferan. Paske li konnen, jan Descartes te montre, ke doute se pwen depa konesans.

Finalman, nou dwe re-aprann viv ak kritik, menm jan nou viv ak lè. Kritik pa lènmi sosyete a, se pasyans li. Li pa rayi pèp la, li envite pèp la reflechi. Li pa chèche kraze, li chèche konstwi. Fòk nou sispann wè kritik kòm yon zak emosyonèl, e kòmanse wè l kòm yon zak etik ak entèlektyèl.

Paske, nan dènye analiz la, pa gen devlopman san refleksyon, e pa gen refleksyon san kouraj. Kouraj pou kesyone, pou aksepte erè, pou tande sa ki deranje. Se sèl lè sa, sosyete a sispann grandi sèlman an laj, e li kòmanse grandi an lespri.

Jean Launy AVRIL, redaktè Centre à la Une.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar