Daprè plizyè medya lokal, senk manm CPT a ta vote yon rezolisyon, mèkredi 21 janvye 2026, an favè revokasyon Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, ke yo konsidere kòm pwoteje otorite politik yo nan Washington.

Konseye-prezidan Leslie Voltaire, Edgard Leblanc Fils, Smith Augustin, Fritz Alphonse Jean ak Louis Gérald Gilles se siyatè rezolisyon sa a.

Èske konseye sa yo pral refize sede devan presyon ameriken yo? Èske pozisyon yo pa riske fragilize plis toujou otorite yo fas ak kritik entènasyonal yo? Èske diferan sektè lavi nasyonal la, ki deja divize, pral soutni CPT a oswa y ap chwazi aliman yo ak presyon ki soti aletranje?

Nan yon lèt ki pote dat 21 janvye 2026, li te adrese bay lòt manm CPT a, kowòdonatè aksyon yo nan CPT a, Laurent Saint-Cyr, deklare li opoze ak tout rezolisyon ki ta vize mete an kesyon estabilite gouvènmantal la pandan n ap pwoche 7 fevriye 2026.

Saint-Cyr denonse tout tantativ prese-prese oswa pran gwo desizyon san yon dyalòg laj, estriktire epi vrèman reprezantan diferan sektè lavi nasyonal la, san konte divèsite sansiblite politik yo, ki te genyen, a diferan degre, yon lejitimite elektoral ki pwouve.

« Pandan n ap pwoche gwo écheyans enstitisyonèl pou nasyon an, tout inisyativ ki kapab alimante enstabilite, konfizyon oswa kraze konfyans, pote gwo risk pou peyi a », se sa li ekri ankò.
Nan kontèks sa a, Saint-Cyr lanse yon apèl pou plis pridans, modération ak sans responsablite kolektif.
Li mete aksan sou nesesite pou prezève dyalòg la, estabilite enstitisyonèl ak kontinite Leta a, nan objektif pou retabli sekirite a epi òganize eleksyon yo.
Yon remanyman gouvènmantal, ki ta deside pa yon ògàn ki pa eli, ta reprezante yon manèv destabilizasyon, daprè gouvènman Etazini, nan yon avètisman li pibliye 21 janvye 2026.

Objektif Etazini rete enstale yon minimòm sekirite ak estabilite, soulinye gouvènman ameriken an, ki mete tou an gad tout moun k ap soutni yon demach konsa, li konsidere kòm yon aksyon ki favorize gang ame yo.

*Kominote entènasyonal reyaji vit sou sijè a*

Enstabilite kwonik ann Ayiti pa soti nan okenn defo nan karaktè pèp ayisyen an, nan kilti li oswa nan Konstitisyon an. Li se chwa politisyen ayisyen ki kowonpi, ki sèvi ak gang ak lòt gwoup ame pou kreye dezòd nan lari yo, epi apre sa yo mande pou yo gen yon wòl nan gouvènman an pou yo « kalme » dezòd yo menm yo te kreye.
Vrè estabilite ap vini lè lidè politik yo jwenn pouvwa yo nan sipò elektè yo, epi non nan kapasite yo genyen pou simen dezòd. Manm TPC ki suiv chemen sa a pa patriyòt ayisyen. Yo se kriminèl, menm jan ak gang yo ap konplote avèk yo. Mesaj biwo zafè oksidantal Etazini fè.

Kanada di li pwofondman enkyete devan tantativ kèk manm CPT ap fè pou ranplase Premye minis la, alòske manda yo pral fini nan kèk jou sèlman. « Yon aksyon konsa ka fè estabilite ak sekirite peyi a vin pi fèb nan yon moman kle nan listwa li », se sa Ottawa fè konnen, pandan li menase pran sanksyon kont tout aktè ki angaje nan inisyativ ki mete lapè, sekirite ak estabilite Ayiti an danje.

Nenpòt chanjman nan tèt gouvènman an, kèk jou sèlman anvan fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, ka mete an danje dinamik ankourajan fòs sekirite yo ap devlope kont gang kriminèl yo.

Kriz la ap vin pi grav nan tèt Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) : prezidan Laurent Saint-Cyr refize transmèt rezolisyon ki vize ranvèse Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, sa ki fòse lòt konseye yo pran inisyativ pou yo entèvni dirèkteman. Pandanstan, Alfred Fils Métellus nonmen kòm Premye minis pa enterim, pandan diskisyon ap fèt sou posibilite pou mete sou pye yon egzekitif bikefal apre 7 fevriye 2026.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841