Ayiti: DCPJ arete Osnel Antoine, avoka ansyen depite Victor Profane, lendi 27 avril 2026 la, pandan li t ap vin bay kliyan li asistans. Fòk nou souliye, arestasyon manm Bawo Mibalè a fèt apre yon manda jij Benjamin Felismé te bay nan kad yon dosye tè. Daprè enfòmasyon nou genyen, DCPJ te retire tòj avoka a an piblik pandan yo t ap arete li.

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse arestasyon Osnel Antoine tou pre Tribinal Lakou Dapèl Pòtoprens nan zòn Puiblen, lendi 27 avril la 2026 la, pou itilizasyon fo dokiman, eskwokri ak asosyasyon malfektè.

Lapolis presize arestasyon sa a fèt nan kad egzekisyon yon manda Jij Enstriktè Felisme Benjamin te bay depi dat 21 oktòb 2025.

Manda sa a konsène yon seri zak malonèt tankou : itilizasyon fo dokiman, eskwokri ak asosyasyon malfektè. Lapolis fè konnen li t ap chèche Osnel Antoine depi plizyè mwa nan kad dosye Majistra Félismé Benjamin t ap mennen.

Otorite lapolis yo pwofite voye yon mesaj klè pou fè konnen yo detèmine pou aplike desizyon lajistis san kanpe, pandan yo presize Osnel Antoine genyen pou prezante devan Jij Enstriktè Félismé Benjamin anvan lontan.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841