8èm sesyon tab sektoryèl anviwònmantal depatmantal Sant lan fèt jedi 22 janvye 2026 la nan vil Hinche, anba kowòdinasyon Direktè Depatmantal la, Yves Augustin. Aktivite a te rasanble responsab enstitisyonèl, espesyalis anviwònman, aktè agrikòl ak ekspè nan inovasyon teknolojik, nan objektif pou analize gwo defi anviwònman ak agrikilti ap fè fas nan depatman Sant lan ak nan peyi a an jeneral.

Jean Dumanès ki se yon kad ministè a nan depatman an te prezante yon refleksyon sou anprent anviwònmantal, kote li te atire atansyon sou entansyon kreyatè pou la tè pran an konsiderasyon nan tout domèn travay moun ak lavi moun. Li rapousib pou di tout moun gen yon enfliyans sou anviwonman an, souvan enfliyans sa yo negatif; li fini ak resous yo, oswa li kreye polisyon. Li te konkli pou fè konnen moun yo kapab fè chwa ki pèmèt fason y ap viv la gen yon enpak pozitif sou anviwonman an.

Nan kad prezantasyon yo, Jules Michbordy te abòde sijè edikasyon relatif ak anviwònman, kote li te mete aksan sou enpòtans konsyantizasyon popilasyon an fas ak degradasyon anviwònman an, chanjman klimatik ak itilizasyon resous natirèl yo san kontwòl. Dapre li, edikasyon anviwònmantal la rete yon zouti kle pou asire yon devlopman dirab ann Ayiti.

Pou pati agrikilti a, Doktè Jacky Duvil te fè yon analiz sou wòl estratejik agrikilti nan ekonomi ayisyen an, pandan li te souliye gwo defi sektè a ap konfwonte, pami yo maladi k ap frape rekòt yo, estrès fizik ak sikolojik pwodiktè yo, ansanm ak mank encadreman teknik ak sipò enstitisyonèl.

Pi lwen li te chita entèvansyon li a sou enpòtans entèlijans atifisyèl nan agrikilti, espesyalman pou deteksyon bonè maladi plant yo. Nan sans sa a, li te fè patisipan yo pran konesans ak pwojè AIPAGRI (KlinikAgwo), yon inisyativ inovatè ki vize modènize ak transfòme agrikilti ayisyen an atravè teknoloji.

Pwojè AIPAGRI a chita sou twa (3) objektif prensipal :
Devlope yon modèl entèlijans atifisyèl pou prevni ak detekte bonè maladi agrikòl yo ;

Amelyore jesyon estrès tèmik ak fizik ki lye ak chanjman klimatik la ;

Entegre solisyon IA yo nan pratik agrikòl lokal yo, nan respè reyalite kominotè yo.

Ak yon bidjè estime a 20 milyon goud, pou yon dire de (2) lane, pwojè a jwenn finansman Bank Repiblik d Ayiti (BRH). Zòn pilòt yo chwazi pou aplikasyon li se Marmelad, Hinche ak Cerca-la-Source.

Marc Albert R. Calixte
limenm te abòde sitou pwoblèm prezans plastik nan manje popilasyon an ap konsome, ki reprezante yon gwo menas pou sante piblik ak anviwònman an.

Aktivite a te abouti ak yon diskou fèmti Direktè Depatmantal la, Yves Augustin, ki pwomèt pou li chita ak direktè sante piblik, komès, DINEPA, lameri, komisè gouvèneman pou abòde an sinèji pwoblèm yon sitwayen te soulve, kote anpil moun ki nan komès dlo trete nan Ench ki ap vann popilasyon dlo ki pa byen trete, ki chaje mikwòb. Anfen li te remèsye tout patisipan yo pou kontribisyon yo epi li te lanse yon apèl pou ranfòse kolaborasyon ant sektè piblik, prive ak kominotè yo, nan objektif pou pwoteje anviwònman an epi ankouraje yon agrikilti modèn, dirab ak rezilyan nan depatman Sant lan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841