Kolektif Defansè Plis nan okazyon Jounen entènasyonal edikasyon ki selebre 24 janvye raple edikasyon se yon dwa fondamantal, yon byen piblik ak yon pilye esansyèl pou lapè, devlopman ak respè dwa moun. Nan yon Nòt pou Laprès, 23 janvye 2026 la, Kolektif Defansè Plis presize jounen sa se Òganizasyon Nasyon Ini (ONU) ki enstore l. Li entèpele otorite ayisyèn yo pou pran mezi ijan ak efektif pou garanti sekirite etablisman eskolè yo.
Kolektif k ap Defann Dwa Moun nan sou sitiyasyon kritik edikasyon an Ayiti fè konnen : << Jodi a dwa sa menase. Nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, yon trè gran nonm lekòl fèmen an rezon ensekirite jeneralize a. Divès lòt etablisman deplase oblije kouri kite zòn yo ki anba kontwòl gwoup ame yo, pandan y ap fonksyone dezòmè nan espas ki pa apwopriye pou moun aprann, sa ki mete an danje sekirite elèv yo epi konpwomèt kalite ansèyman an. >>
Nan jounen entènasyonal edikasyon an, Kolektif Defansè Plis rekòmande otorite yo dwe asire aksè jis nan edikasyon sou ansanm tèritwa a, ranfòse finansman piblik sektè edikatif la ak pwoteje dwa fondamantal chak timoun nan edikasyon, jan sa garanti pa Konstitisyon ayisyèn nan.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE