Nan yon kominike pou laprès nan dat 4 me 2026, Ministè Kilti ak Kominikasyon enfòme piblik la an jeneral li kreye 5 Pri Nasyonal sa yo :

1. Pri Nasyonal Panse Ayisyèn Jean Price Mars.
2. Pri Nasyonal Libète Laprès Liliane Pierre-Paul.
3. Pri Nasyonal Kreyasyon Ayisyèn Frankétienne.
4. Pri Nasyonal Literati Espresyon Kreyòl Félix Morisseau-Leroy.
5. Pri Nasyonal Pèfòmans Mizikal Nemours Jean-Baptiste.

Ministè a fè konnen yo pral mete yon jiri kanpe pou chak kategori avèk menm kantite fanm ak gason, epi se yon reprezantan Leta ki pral prezide jiri sa a.

Yo pral bay pri sa yo chak lane, chak premye lendi desanm. Ministè a presize se li menm k ap fikse kondisyon pou bay pri sa yo, ak kote y ap jwenn lajan pou sa.

Ministè Kilti ak Kominikasyon fè konnen demach sa a antre nan kad vizyon Gouvènman an pou li rann pèsonalite ki te make lavi nasyonal la yon omaj yo merite, epi pou li rekonpanse ekselans.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841