Apre plizyè denonsiyasyon ak plent kèk benefisyè te fè nan redaksyon jounal Centre à la UNE, asistan espesyalis sovgad sosyal pwojè PARSA pou depatman Sant lan, Gesnel Louis-Jeune, te pale ak medya a lendi 12 me 2026 pou pote limyè sou diferan enkonpreyansyon ak preyokipasyon ki genyen bò kote popilasyon an.

Nan entèvansyon li, Mesye Louis-Jeune eksplike pwojè PARSA a chita sou kat (4) gwo pilye: enfrastrikti agrikòl, ensitasyon animal, ensitasyon vejetal, ensitasyon pòs-rekòlt, ansanm ak yon faz ijans. Li fè konnen, pou asire aktivite yo byen egzekite sou teren an, pwojè a travay ak plizyè operatè sèvis (OPS). Daprè li, pou ensitasyon vejetal la se teknik plan CECOM ki responsab yo, pandan IICA okipe volè animal la. Pou pòs-rekòlt, se GoPAAFC GIRADEL ki angaje, tandiske CECI responsab kesyon enfrastrikti yo.

Asistan sovgad sosyal la fè konprann chwa founisè yo fèt atravè yon pwosesis apèl dòf ki respekte tout pwosedi administratif nesesè yo. Li presize pwosesis la pase pa plizyè etap, tankou vizit sou teren ak kontwol de kalite travay kap fet yo.

Konsènan kesyon seleksyon benefisyè yo, Mesye Louis-Jeune fè konnen se yon pwosedi ki estrik e rigoureux. Li souliye nenpòt moun ki te deja benefisye nan pwojè a pa kapab elijib ankò, nan objektif pou plis fanmi jwenn opòtinite benefisye pwogram nan.

Sou kesyon reta yo, espesyalman nan moman kanpay prentan an deja avanse, responsab la rekonèt genyen kèk ralantisman. Men li eksplike reta sa yo sitou lye ak pwosedi administratif yo ki pran tan. Li ajoute premye pwotokòl dakò ki te genyen ak founisè yo fini, epi nouvo pwotokòl yo poko finalize. Sepandan, li anonse ekip yo deja antre nan faz sipèvizyon ak founisè yo, yon etap ki dwe kòmanse pandan semèn sa a.

Pou kesyon moun ki te travay nan aktivite gwo mendèv yo epi ki poko resevwa lajan yo, Mesye Louis-Jeune mande popilasyon an rete kalm. Daprè li, tout travayè yo ap resevwa lajan yo malgre reta ki anrejistre yo. Li fè konnen kantite moun ki konsène yo ansanm ak longè pwosedi administratif yo eksplike sitiyasyon an. Li presize tou aktivite sa yo, ki te antre nan faz ijans pwojè a, rive pran fen kounye a.

Nan sa ki gen pou wè ak peman yo, responsab la fè konnen PARSA genyen yon kontra ak kès popilè ASOKOP pou pèman lajan yo an kach. Li admèt pafwa genyen difikilte akoz kèk bank pa toujou disponib ak ase lajan kach, sa ki konn lakoz reta nan peman yo. Li ajoute se apre rapò yo prepare ak verifye gradyèlman yo kapab lanse pewòl la.

Li te profite abòde tou dosye frè laboraj la. Li presize frè laboraj la se yon kòb ki ranbouse aprè yo fin gen garanti moun yo fè Jaden vre epi nan lòt sezon an ki swiv la longè pwosesis la moun dwe kenbe Kontra yo bali a fò paske Se li kap sèvi prèv pou l touche.

Pou fini, Gesnel Louis-Jeune bay garanti tout moun ki te deja travay nan kad pwojè a ap resevwa lajan yo san okenn diskriminasyon. Etou presize PARSA ak direksyon depatmantal ministè agrikilti sant se sipèvizyon yo responsab.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841