Apre plizyè jou rankont ak divès gwoupman ak pati politik, Chèf Gouvènman an, , fè yon rankont enpòtan lendi 31 dawout 2026 ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP).
Rankont sa a te sitou konsantre sou plizyè enkyetid reprezantan gwoupman ak pati politik yo te soulve pandan rankont yo te genyen ak Chèf Gouvènman an.
Pami prensipal kesyon ki te sou tab la, te gen nesesite pou mete an plas yon kad sekiritè apwopriye pou garanti bon dewoulman eleksyon yo. Kesyon sou netralite ak enpasyalite Gouvènman an nan pwosesis elektoral la te genyen yon plas enpòtan tou nan diskisyon yo.
Patisipan yo te abòde difikilte ki gen rapò ak aplikasyon dispozisyon atik 153 dekrè elektoral la, ansanm ak diferans ki egziste ant kèk dispozisyon dekrè a ak fason kalandriye elektoral la ap aplike sou teren an.
Daprè enfòmasyon nou jwenn, apre travay ak analiz manm KEP yo, dekrè elektoral la ta ka sibi kèk chanjman nan jou k ap vini yo. Objektif la ta pami lòt bagay pou chèche pote plis koerans ant dispozisyon legal yo ak egzijans kalandriye elektoral la.
Rankont sa a fèt nan yon kontèks kote plizyè pati ak gwoupman politik kontinye ap eksprime enkyetid yo sou kondisyon ki dwe reyini pou eleksyon yo kapab fèt nan yon fason kredib, transparan, sekirize ak enklizif.
Pou kounye a, pa gen okenn detay ofisyèl sou ki dispozisyon nan dekrè elektoral la ki ta ka modifye. Nenpòt chanjman ap tann travay EP la ansanm ak desizyon otorite konsène yo.