TPI Mibalè tankou yon tèren pou fè konpetisyon, kote chak ekip ap batay pou abit la se patizan yo, pou yo ka toujou gen viktwa. Yon moman ou twouve yon kategori mèt gwo kòlèt ki pran kostim, esklav lalwa, defansè popilasyon, avoka pèp ap kritike san gade dèyè; yon lòt moman ou wè menm figi sa yo nan Yon lot pozisyon ap defann pouvwa.

Mesye sa yo afiche yon konpòtman depi Komisè Gouvènman an pa sòti nan ekip pa yo, li te mèt pi blan ke lanèj li pap ka ranpli misyon kòrekteman, Konsa tou depi se nan ekip pa yo li sòti, tout sal fè se byen, e sesi menm sil ta gen twou nan manch.

PIBLISITE PEYE

Si nan tewori jiridik yo, Komisè Gouvènman, se ta defansè sosyete a, Ebyen nan reyalite a li oblije transfòme tèt li an defansè klan politik paske jeneralman se Yon patwon politik ki fè yo jwenn nominasyon pou pòs lan, kidonk komisè gouvèneman vinn defann enterè patwon l ak alye l yo direkteman ou endirekteman.

Avoka puisan ak substitut Komisè pa sispann chante met pay nan bouch mwen pou m pa denonse.

TPI mibalè an se yon chan batay kote politisyen ap montre kiyès ki pi puisan, kiyès ki gen pi gwo kontak pou nome jij ak komisè.

Sa ki pa san konsekans sou mòd fonksyomann enstitisyon sa a, e ki fè pakè Mibalè pase Komisè tankou yon java kansè ki nan dènye eta kap pase pansman sou pansman.

Batay pou gen kontwòl komisè gouvènman se yon estrateji ke nèg isit itilize pou yo se gwo avoka; ou pa bezwen konnen yon atik ni nan konstitisyon an ak ni nan kòd civil lan, Ou pa bezwen metrize pyès pwosedi jiridik, depi komisè w, nan pòch ou wap genyen tout pwosè san kè sote, tankou òdonans lan te gentan bay byen avan jijman an fèt.

Estrateji Genyen Komisè gouvènman nan pòch ou, se yon kou yo pa anseye nan ankenn lekòl dwa, men se pi gwo zouti pou w gen pwosè nan peyi isit.

Antouka La fontaine te di :Selon ce que vous serez puissant ou vulnérables; les jugements de cours vous rendront noir ou blanc

Hmmm sanble lè, la Fontaine tap di koze sila yo, se de neg nan isit li tap pale.

Yon ti jèn Avoka ki poko gen gwo lajan ak enfliyans politik pouw mete jij ak Komisè pal se nan rèv la konnen sak rele genyen pwosè ki gen nen nan figil, e sesi menm sil ta metrize lalwa tankou …………

Kidonk Yon jèn avoka gen 2 chwa: Se swa w jwenn Yon jan w fofile nan Yon bon klan oubyenw ranpe anba Avoka gwo palto gwo pòtray, lè myèt yo tonbe wa souse dwèt ou. Antouka avoka kap fè koze isit.

TPI Mibalè, se kote ki fè plis politik ke dwa, se kote syans kontak prime sou tout pwosedi; Menm jan mèt la te dil:se kote tou ou jwenn plis demachè ak raketè ke «homme de droit».

Batay nan pakè Mibalè a, depase yon senp endividi, anpil moun fè konnen menm siw ta mete zanj …..Gabriel Komisè, Tout otan sistèm nan pa chanje, se ap boy kraze nan bouyon.

Kòm job Komisè gouvènman isit se yon job fizib,Depiw antre w griye; Komisè yo blije kanpe nan mòd amoure, amourèz ak yon sèl eslogan: Sèl lajan ak tè kap rete aprè sa tout etik Pwofesyonèl se pousyè, …..(Menm moun sezi)

Antouka Tribinal mibalè sanble yon seri kap difize yon nouvo epizòd dezanzantan kidonk lasosyete Ann pran tichèz ba nou poun suiv paske janm wè la a film nan sanble poko ap fini.

jan lot la taka di l ki vivra verra ki moura perdra Zacharie BRUTAL, centre a la UNE

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841