Pétion Rosier, Michenat Charlessaint ak Jean Frantz Merzier se 3 moun ki jwenn arestasyon yo nan kad yon operasyon fouy ajan UDMO ki soti Mibalè, polisye ak jij de pè Sodo reyalize nan 2 kay ki nan komin Sodo, jodi dimanch 5 jwen 2022 a byen bonè nan maten.

Nan kad fouy sa a, reprezantan lajistis yo rapòte yo jwenn : yon pistolè ki gen mak Smith and Weeson, ki gen seri SW9VE/ 9mm. Yo jwenn tou yon machin ki imatrikile AA-69814, dola us ak goud, telefòn, kanè bank dola ak goud, kouto, lisans, sigarèt…

Operasyon sa yo ap mennen suit aprè anpil enkoni lajistis ak lapolis di yo gen soupson k ap sikile oubyen ki abite nan kominote Sodo a depi kèk tan, sitou aprè vag moun k ap soti toupatou nan Pòtoprens pou lage kò yo nan zòn rekile yo, sitou Sodo.

Fòs lòd yo deja desann ak 3 moun sa yo nan Mibalè pou pouswit legal yo.

Serondier LOUSIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841