Wilson Lucien ak Sorel Pierre se 2 moun sila yo fòs lòd yo te arete jou ki te 5 desanm 2021 an nan jiridiksyon Mibalè. Fòs lòd yo te jwen nan men mesye yo 5 bwat katouch, twa mil senk san dola (3 500$ ) ameriken plis mil (1 000) goud. Yon dosye ansyen komisè Dieunise Benjamen te gentan achemine pou transfè nan kabinè enstriksyon pou limyè te ka fèt.

Dwayen tribinal premye enstans Mibalè a, Mèt Sorel Dumorney reveye dosye sila e li mande nouvo komisè gouvèman an Mèt Gabriel FLEURY aji sou li.

selon ankèt jounal Centre à la UNE mennen, Wilson Lucien ak Sorel Pierre, de (2) endividi sa yo ki akize kòm trafikan minisyon, tribinal koreksyonèl libere yo mèkredi 01 jen an.
Alòske nan menm dat 01 jen 2022 a Ministè lajistis sòti yon lis ki bay Dwayen tribinal premye Enstans Mibalè a, Mèt Sorel Dumornay, pwomosyon kòm Jij nan la kou pou apèl Ench.

Centre à la UNE te pale ak plizyè sous nan palè jistis Mibalè a sou dosye sila. Sous yo revele ta genyen anviwon sèz (16) mil dola ameriken ke pwòch Wilson Lucien ak Sorel Pierre ta bay ki pataje ant: TPI Mibalè, grefye ak pakè pou liberasyon mesye yo.

Plizyè moun, ki ta nan kou a e ki konnen kòman lajan an distribiye ki pa vle jounal la revele non yo, pataje fristrasyon yo ak jounal la.

Nan kad menm dosye sila gen yon kote yo te oblije efase kote dosye a te ekri (RI) sou li, ki vle di rekizitwa denfòme.

Pale ak Centre à la UNE nan telefòn jou samdi 4 jen 2022 a, Dwayen tribinal premyè enstans Mibalè a , mèt DUMORNEY, ki te syeje nan kad odyans espesyal sila, fè konnen pou enfòmasyon ki di yo ta resevwa lajan nan men akize yo pou libere yo, li pa konn anyen de bagay konsa ditou.Moun ka toujou di sa yo vle men tribinal la jis aplike la lwa.
Poutan, dwayen an konfime efektivman dosye a te achemine pou kabinè enstriksyon men pliske yo gen pwoblèm Jij enstriksyon nan TPI mibalè a. Gen kèk dosye ke yo wè ki pa twò egzajere, yo aji sou yo. Li kontinye poul di: nan desizyon sila a, yo voye twa mil senk san dola $ 3 500 US yo te jwenn nan men akize yo nan DGI pou Leta e remèt katouch yo bay lapolis pou yo sèvi. Yo kondane akize yo tou pou yo peye amand selon la lwa.

Yon lòt kote Jounal la rele komisè gouvènman an tou ki se: Mèt Gabriel FLEURY pou fè entèvyou ak li sou dosye sa a samdi 4 jen 2022 a vè 1h pm. Li te reponn konsa: mwen nan lari m ap rele nou nan 20 minit. Malerezman jounal la pat janm resevwa apèl li. Jounal la te tante an ven rejwenn komisè a plizyè repriz ankò sou 2 nimewo jounal la genyen pou li.

Eske yon dosye ki ta achimine nan kabinè denstriksyon ka site nan tribinal koreksyonèl selon lalwa?
Èske tou se ta yon koyensidans ki ta fè te gen gwo mache prese sila pou fè yon odyans espesyalman pou de (2) akize yo ta libere mèkredi 01 jen 2022, poutan menm premye jen sa a Ministè jistis ratifye chwa Mèt Sorel Dumorney nan lis CSPJ te achemine pou yo bay Mèt Sorel pwomosyon kòm Jij kou dapèl Ench?

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE

PIBLISITE PEYE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar