Fowòm Rejyonal entèfas Sosyete Sivil Sant (FONSOC) ki regroup òganizasyon 13 komin yo tankou: Ench, Mibalè, Sèkalasous, Sèkakavajal, Tomasik, Tomond, Boukakare, Sodo Laskawobas, Batis, Beladè mete li opa pou devlopman dirab depatman an fikse divès objectif ki pral repanse devlopman depatman an ki se yon veritab plak tounant pou peyi a.

Mouche Edouard Ambroise ki se aktyèl kòdonatè enfliyan sosyete sivil la nan Sant (FONSOC), pale ak jounal la pou di se vre li pa fasil pou reyini plis pase sansenkant (150) òganizasyon ak lòt sitwayen enfliyan nan depatman Sant lan men pwiske se enterè tout 13 komin depatman an ki priyorite inisyativ la ebyen tout moun mete yo dakò pou kontinye avanse.

Nan tablo prezante lis òganizasyon ak manb ki fè pati FONSOC nan Sant, Ambroise fè konnen FONSOC vize fè fòmasyon pou ranfòse kapasite òganizasyon yo sou plan administratif ak montaj projè pou yo ka patisipe nan tout apèl ak propozisyon projè ki ap fèt an Ayiti.

Fòmasyon pou patisipasyon fanm yo nan kontèks kosolidasyon lapè, patisipasyon fanm yo nan politik, program aksyon sivik, dekonsantrasyon ak agajman sitwayen. Ede moun yo ak sante mantal yo ki vrèman afekte pandan peryòd kriz devastatè ensekirite Ayiti a.

Travay pou remanbre sitiyasyon sekiritè depatman an ki te trè touche akoz gansterizasyon zòn metropolitèn nan. Angajman pou yon eleksyon lib ak transparan san vyolans pou renouvle pèsonèl politik yo. Patisipe nan prosesis elaborasyon nouvèl konstitisyon an.

Pi lwen, mouche Édouard Embroise fini pou di koze nèg Pòtoprens ap itilize rejyon yo an paran pov nan desizyon peyi a pa dwe kontinye an ankò. Li di PROC-24 lanse inisyativ la epi FONSOC anbrase li pou poze aksyon klè ki montre Ayiti ka chanje nan tèt kole ak yon lidèchip eklere.

Kòdonatè FONSOC la pou depatman Sant Edouard Ambroise, fini pou di tout lòt estrikti òganizasyonèl ki swete rejwenn yo pou travay ansanm kapab kontakte yo nan (+509) 4097-8873/ 4434-2122 oubyen sou imel saa: douardo67ambroise@gmail.com

Daniel JEAN, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841