Nan yon lèt konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a voye bay premye Minis enterimè a Michel Patrick Boivert lendi 13 avril la, KP a mande pou li fè retrè sou tout nominasyon ki fèt apati 25 Avril 2024 nan Administrasyon piblik la. Genyen yon 40 tèn nominasyon gouvènman demisyonè a prese fè sitou nan diplomasi a pami yo Alix Richard nan OEA ak Geneviève Louis-Jeune nan Sirinam.
Alix Richard te chef kabinè Premier ministre defacto Ariel Henry et vice-président du parti politique Fusion des sociaux-démocrates Haïtiens . Nimewo 2 apre senatris Edmonde supplice Beauzile.

Yon lòt pa ansyen minis afè etranjè ak Kilt an Ayiti, Jean Victor Généus, ki toujou minis sèlman pou likide afè kourant annatandan li ranplase, rive nome pwòp tèt li kòm konsil jeneral Ayiti Ozetazini. Yon konpòtman « sinik » anpil manm popilasyon Ayisyèn nan kritike. Selon sa pwofesè Fritz Dorvilier di madi 14 me 2024 la, gen anpil posiblite pou ansyen minis Généus se ta yon sitwayen ameriken.

Nan yon nòt pou laprès yo mete deyò aswè lendi 13 me 2024 la, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pran angajman pou mete sekirite ann Ayiti nan yon tan ki pa twò lwen.

Konseye Prezidansyèl Edgard Leblanc Fils

Alòske manb KP ki aprè atak gang yo te fè pou pran kontròl komisarya Leyogàn te soti nòt pou mete manb popilasyon an konfyans, divès enstitisyon konfime nèg ak zam nan komin Kafou touye ak bal, epi pote ale kò polisye Jean Danas 22e pwomosyon ajan 3 (CBIM). Sa pase nan lannwit lendi 13 me 24 la nan zòn Kot Plaj 20 ki nan Kafou. Polisye Jean Danas vin ajoute lis Polisye bandi touye nan peyi a.

Konseye Fritz Alphonse Jean ki t ap reponn kesyon konfrè nou Windel Theodore te di konsèy la ap travay pou mete yon gouvènman sou pye pou pita nan de (2) semèn, kote enskripsyon yo deja lanse pou aspiran premye minis yo depoze pyès yo selon sa ki di nan akò a.

Konseye Alphonse di premye minis lan dwe yon moun ki gen kapasite pou reyalize vizyon KP a. Pilwen li di piga pyès minis ak Direktè jeneral ki pral fè pati gouvènman an pa dwe okipe pyès moun ki pral ba yo presyon sou non konseye pou fè anyen ki pa dwat pou yo sinon se pral responsabilite pa yo devan enstisyon etatik yo ki la pou fè travay yo.

Divès sitwayen ki pa ka tann pa sispan kritike manb konsèy prezidansyèl yo ki poko voye pyès siyal klè bay popilasyon an pou montre yo gen espwa.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841