Nan vil Ench, jounen madi 14 me 2024 la, Anseyan Angaje e Revòlte nan depatman Sant di yo bouke ak sitiyasyon peyi a, se pou sa yo oblije leve kanpe.

Yo pa t mete dlo nan bouch yo pou denonse movèz pratik politisyen yo ki rive mete edikasyon peyi a sou BEKI, sou diferant fòm depi aprè 1806. Yo fè konnen sa fè lontan elèv lekòl se 3, 5 , 6 ou 7 mwa y ap fè nan yon ane lekòl, pandan direksyon lekòl yo pa sispann monte pri lekòl yo sou do paran yo jan yo vle. Chak lekòl sèvi yon liv diferan anba 2 grenn je dirijan yo nan peyi a. Lekòl prèske tounen yon savann, toujou selon sa yo di.

Pwofesè sa yo deklare yo choke anpil pou fason dirijan yo livre peyi a bay sivil ame pou detwi peyi a, anba yon ensekirite jeneralize, fabrike ki rann peyi a bloke sou tout fòm. Kote se kraze, brile lekòl ak inivèsite yo, lopital pa epanye devan sivil ak zam sa yo.

Anseyan Angaje a Revòlte ki kwè nan tout peyi se edikasyon ki baz solid pou ede devlopman peyi a avèk moun ki byen fòme ak yon edikasyon ki reponn a enterè peyi a, pou rann li konpetan pou lòt peyi kapab respek li.

Strikti sa a ki pa kache endiyasyon l de jan sistèm edikatif Ayisyen an malad jouk nan zo, sitou sou pratik okipasyon mantal la, mande moun k ap dirije peyi a travay pou rann edikasyon devni efikas nan avantaj chak grenn paran, elèv ak peyi a, pou divòse ak lekòl kole moso sa a ki la a.

Strikti sa ki nan 13 komin depatman sant lan, plede an fanvè reprezantasyon yo nan nouvo gouvènman Edgard Leblan FILS nan tèt li a, pou defanm dwa anseyan yo, fè konnen dirijan nan leta a pa janm sispann trete anseyan yo an paran pòv, alòske se devan anseyan yo te pase ki pèmèt yo rive senatè, Depité, Prezidan, Minis, D.G elatriye.

Moun ki otantifye jounen sila a se:
Jean Robert. PAUL
René. PIERRE
Yvon. SAINT- TILUS
Walinx GAUTHIER
Rodelin. SAINTINA

Moun sa yo ki nan tèt Anseyan Angaje e Revòlte nan Plato Santral di yo swete Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fè prèv de konpetans ak kapasite, pou rive travay yon fason pou ede popilasyon an rale yon souf anba ensekitrite, chomaj ak lavichè a, e pou rive òganize bon jan eleksyon san fòskote pou dote peyi a de dirijan lejitim, onèt, responsab e vizyonè pou pèmèt Ayiti pran chemen devlopman dirab nan enterè chak grenn Ayisyen.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841