Platfòm Rezo Òganizasyon Sosyete Sivil Ayisyen (PROC-24) nan yon nòt pou laprès 3 Me 2024 la fikse pozisyon yo sou dekrè 12 Avril 2024 la, ki akouche konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT).

Malgre kèk rezèv yo genyen, PROC-24 la di li salye kreyasyon konsèy prezidansyèl la e ki chwazi Senatè Edgard Leblanc Fils pou prezide li.

Platfòm Rezo Òganizasyon Sosyete Sivil Ayisyen ankouraje divès sektè ki enplike yon fason ou yon lòt pou bay solisyon ak problèm peyi mete kanpe estrikti òganizasyonèl ki respekte règ demokratik yo pou retabli lòd ak sekirite piblik nan tèt kole ak fòs lokal nan yon tan tou kout. Pou yo se yon kondisyon endispansab pou rezoud kriz imanitè ak sosyal ki frape tout kouch nan peyi a ki dire twòp tan, nan sans saa PROC-24 raple prezidan konsèy la pou devlope lidèchip li pou rasanble tout manb konsèy la nan yon sèl objectif ki se : remete peyi a sou wout stabilite.

Pilwen yo di konsèy prezidansyèl la genyen yon gwo responsabilite pou fè prèv bòn gouvènans ak transparans nan desizyon y ap genyen pou yo pran pou remete popilasyon an konfyans. E yo fè konnen se sèl dyalòg ki ka fè konsèy la reyisi pou bay chans ak ekolye etidyan yo chans retounen suiv kou yo nòmalman menm jan ak moun ki bezwen jwenn swen sante yo. Yo di tou li lè li tan pou ayisyen travay ansanm pou pasifye peyi a.

PROC-24 fè konnen parapò ak fòs e resous yo dispoze nan tout dis (10) Depatman peyi a ak dyaspora a yo prè pou mete yo aladispozisyon konsèy la pou yo ka ranpli misyon trè riske yo genyen an e ke yo pa ta dwe fè echèk.

PROC-24 di yo genyen resous kalifye nan tout peyi a nan diferan domèn tankou: edikasyon, environman, sante, agrikilti, kominikasyon, devlopman…

Men diferan moun ki siyen anba nòt sila.

Gérard Laborde Charles Tardieu
AGERCA / PROC 24 FONSOC / PROC 24

Asosyasyon ki siyen yo se:
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Centre – Barbara PAUL
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Centre – Edouard AMBROISE
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Région des Palmes -Agenande JEAN FRANCOIS
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Ouest – Reginald LEGERME
Forum National de la Société Civile (FONSOC) /Artibonite – Herntz SENATUS
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Nord-Ouest – Osirus KERNIUS
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Grand’Anse – Waldinde Germain
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Nord – Benjamin LODEL
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Nord-Est – Frandy LAINE
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Sud-Est – Marie Lucie MENTOR
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Nippes – Louis Jean ELIODE
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Sud – Patrick DIEU
Forum National de la Société Civile (FONSOC) / Diaspora – Edison JULES
Union Nationale des Syndicats pour la modernisation du transport (UNSMT) – Remy SANOZIER
Confédération des Syndicat Haïtiens (CSH) – Marcelin JN PHILIPPE
Association des Jeunes Authentiques et Honnêtes (AJAH) – David Nicolson JEAN
Centre d’analyse et de recherche en Instruction Citoyenne (CARIC) – Ralph Bregard LAFORÊT, Droit et la Vie Humaine (DVH) – Johnny CILNEUS, Ordre des Défenseurs des Droits Humains (ORDEDH) – Me Darbenzky GILBERT
Union des Femmes pour une Nouvelle Haïti (UFENHA) – Nava Bertilia COURTOIS
Brigade Syndicale Anti-Corruption (BSAC) – Syndicaliste Sonson DUMÉ.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841