Jan sondaj centre a la une nan te pibliye maten madi 30 avril 2024 la, Edgard Leblanc se prezidan Konsèy Prezidansyèl la. Eleksyon an pa t fèt ankò. Edgard prezidan sou baz yon antant ki jwenn ant majorite Konseye yo. Selon jounalis Roberson Geffrard, majorite a tou fè chwa de Enjenyè Bélizaire Fritz kòm Premye Minis peyi a. N ap note, Fritz te minis jenès ak espò sou gouvènman Preval la nan lane 2006.

Nan yon diskou li pwononse madi 30 avril 2024 la aprè nominasyon li kòm prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils eksprime detèminasyon Konsèy la pou lite kont «ensekirite» an Ayiti. Leblanc fè konnen dènye rankont ant KPT a ak lapolis pèmèt nou kapab kwè «nan semèn k ap vini yo», pral gen siy k ap bay nan sa ki gen pou wè ak sekirite nan peyi a.

Pandan menm jounen an biwo suivi akò MONTANA denonse epi konteste fason 4 sektè nan konsèy prezidansyèl la fè ak yon majorite pou vyole akò 3 avril la lè yo jis chwazi yon premye minis ki pa respekte pwosedi akò a. BSA fè konnen l ap gen pou li bay repons nan yon ti tan tou kout.

Luis Almagro bò kote pali ki se prezidan OEA sou kont X li salye chwa prezidan konsèy prezidansyèl la li di ki se yon pa nan bon direksyon pou rezoud kriz la. Yon lòt kote li swete chwa premye minis la fèt nan fason ki te defini nan akò a.

Doktè Louis Gerald Gilles ki se yon konseye prezidansyèl fè konen sou kesyon premye minis lan, Fritz BELIZAIRE gen chans poul premye minis paske gen yon group majoritè ki aklame li men se yon pwopozisyon. Malerezman yo mal pwosede. Fritz BELIZAIRE poko menm ka dil kandida dapre mwen. Li kandida poul vin kandida pou premye minis. Li pa menm premye minis presanti. Se aprè depo e analiz pyès li ak entèviou r sou 9 pretandan se lè sa a selman Fritz BELIZAIRE ap kandida pou premye minis ak 2 lòt kap retni sou 9 ke sektè yo te reprezante. Pa gen anyen ki di si Fritz Belizaire ap nan 2èm etap la.

N ap siyale divès sektè Ayiti bat bravo pou chwa prezidan an men yo kritike deziyasyon premye minis lan ki fèt dèyè do lalwa.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841