Centre à la UNE ki se yon media anliy endepandan ki t ap sonde opinyon an pou chèche konnen kilès pami 4 kandida ki nan kous pou vin prezidan konsèy prezidansyèl la la popilasyon an ta swete ki vin prezidan konsèy la. E se sou google doc jounal la te rive reyalize sondaj la ki te kòmanse dimanch 28 avril 2024 nan lè 11 AM e te pran fen lendi 29 Avril 2024 la nan lè 11 PM. Se yon sondaj ki reyalize ak resous pròp jounal la ki pa pran finansman pèsòn.

Pami 4 kandida sa yo, kiyès ou menm ou t ap chwazi pou prezide KPT a?

Fritz Alphonse JEAN (Akò Montana)

Louis Gerald GILLES (Akò 21 desanm)

Lesly VOLTAIRE (Fanmi Lavalas?

Edgard Leblanc FILS (Akò 30 janvye)

Ansanm 5 967 moun ki te patisipe nan sondaj la te profite reponn konsa:

Edgard Leblanc FILS (Akò 30 janvye) fini an premye pozisyon kote te genyen anviwon 3 436 moun ki te vote pou li ki bay 57.6% vòt yo.

Fritz Alphonse JEAN (Akò Montana) fini an 2èm pozisyon kote li genyen anviwon 1109 moun ki vote pou li ki bay 18.6%

Lesly VOLTAIRE (Fanmi Lavalas) fini an 3èm pozisyon kote li genyen anviwon 507 moun ki te vote pou li ki bay 8.5%.

Louis Gerald GILLES (Akò 21 desanm) fini an dènye pozisyon kote li genyen anviwon 405 moun ki vote pou li ki bay 6.8%.

Epi genyen anviwon 510 moun ki di yo pa vle pyès moun sa yo vin prezidan konsèy la ki bay 8.5%.

Donk, suit ak rezilta sondaj sa a nou remake genyen anviwon 57.6% moun nan peyi a ki swete wè se Edgard Leblanc Fils ki vin prezide konsèy la.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an prete sèman jedi 25 avril 2024 la. Manm yo genyen responsabilite, ant 18 a 24 mwa, pou ede Ayiti tounen sou rèy Demokrasi a. Pou kòmanse travay, akò ki te siyen antre yo di fòk genyen yon prezidan pami konseye yo. Konsa, yo fikse jodi madi 30 Avril 2024 la pou yo reyalize eleksyon yo nan lè 10 Am.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841