Yon sesyon travay enpòtan reyalize lendi sa a ant KPT a, wo kòmandman PNH la ak reprezantan FAD’H a

Jounen lendi 29 avril 2024 la, sitiyasyon sekiritè peyi Ayiti te nan mitan diskisyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak PNH ak Lame a, ki te reprezante respektivman pa mwayen Frantz ELBÉ ak Kolonèl Jodel LESAGE.

Reyinyon trè estratejik sa a se te yon opòtinite pou analize sitiyasyon sekirite a epi, nan yon akò mityèl, pou idantifye solisyon posib pou pwoblèm ensekirite ak kidnapin ki boule nan ki ap boule depi plizyè ane reprezante prensipal enkyetid tout popilasyon an.

Seyans travay sa a, nan lokal Villa Akèy la, te dewoule mwens pase 24 èdtan anvan eleksyon yo ki planifye pou eli yon Koòdonatè/Prezidan nan tèt nouvo estrikti piblik sa a k ap gen pou egzèse responsablite Prezidans lan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841