Ministè Edikasyon kontinye entegre teknoloji a nan kad diferan travay li dènye tan sa yo

Nan yon kominike pou laprès yo mete deyò lendi 29 avril 2024 la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl prezante «Relve nòt final anliy desizyon fen lane» pou chak elèv.

MENFP enfòme piblik la, sitou ajan edikatif yo, Fòma Relve nòt final (desizyon fen lane) pou chak elèv ak tout matyè ki obligatwa pou premye ak dezyèm sik fondamantal, pou twazyèm sik fondamantal ak pou nivo segondè pare.

Dispozisyon sila a rantre nan kad aplikasyon Arete ministeryèl sou standatizasyon relve nòt nan fondamantal ak segondè ak anons ki te fèt nan kominike pou laprès Ministè a te pibliye nan dat 15 mas 2024 la.

Konsa, MENFP kontan prezante 3 modèl Relve nòt yo pou piblik la (gade 3 dokiman sou Relve yo ki akonpaye nòt sila a). Chak direktè lekòl gen responsabilite pou aplike desizyon sila a nan anrejistre nòt final elèv yo, anliy, pou tout klas yo sou platfòm Ministè a, nan finisman ane a.

Pou sa ki konsènen 4 nouvèl matyè obligatwa yo (Edikasyon Sitwayènte, Edikasyon sou Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon, Edikasyon Fizik ak Espò, Edikasyon Estetik ak Atistik) nan lekòl fondamantal la ane sa a, ki enpòtan anpil pou fòmasyon yon lòt kalite sitwayen pou Ayiti, Ministè a pwofite di paran ak elèv yo, yon lòt fwa ankò, tèt frèt.

Tankou sa fèt nan lòt peyi nan moman kriz, e sitou se premye ane eksperimantasyon an, ki se yon faz pilòt, Ministè a deside bay tout elèv 50 % nan nòt sila yo. Ministè a ankouraje lekòl yo kontinye itilize nouvo materyèl ki disponib pou kou sa yo.

Nan sans sa a, Ministè ap kontinye vanse ak pwosesis nimerizasyon e dijitalizasyon tout done lekòl yo nan peyi a. Plis pase 2 007 877 elèv deja enskri nan platfòm anliy ministè a, anplis 17 817 lekòl ak 80 273 anseyan. Chak elèv sa yo gen yon Nimewo Idantifikasyon Eskolè Inik, ki obligatwa pou enskripsyon kandida lekòl yo nan egzamen Leta yo.

Nimeyo sila a ap pèmèt garanti « trasabilite » pakou chak elèv ak etidyan, soti nan lekòl matènèl rive nan inivèsite, epi tou pou fasilite elèv yo jwenn relve nòt ak diplòm atravè biwo MENFP yo ak sou platfòm anliy lan.

Koulye a, Lis desizyon fen ane a ki gen ladann nòt final chak elèv dwe fèt anliy. Se responsab lekòl yo ki dwe fè operasyon sa a sou platfòm MENFP a. Se enfòmasyon sa yo k ap pèmèt Ministè a reponn ak tout demann Relve nòt final pou elèv yo ki gen ladann sèlman matyè ki obligatwa nan kad aplikasyon pwogram ofisyèl Ministè a pou lekòl fondamantal ak segondè.

Pou Relve nòt final pou chak elèv yo MENFP pwopoze a, fòk nou presize modèl sa yo pa ranplase Relve fen lane (kanè) nan lekòl la pou chak elèv. Se responsabilite chak direktè lekòl pou l bay elèv yo kanè nan finisman ane a. Kidonk, Fòma Relve nòt Ministè a pa ranplase kanè lekòl la. Se yon zouti ki la pou reponn ak demann manman ak papa pitit, si timoun yo ap chanje lekòl, oubyen pou lòt bezwen ki ta nesesè.

Epi tou, sa pral garanti, toutan, done chak elèv yo pwoteje kont nenpòt manipilasyon, e yo pwoteje lè gen yon katastwòf tankou siklòn, tranblemanntè, inondasyon, dife ak lòt. Epi l ap fasil pou jwenn aksè sou done sa yo sou entènèt, pèmèt MENFP ak lòt otorite ki la pou sa fasilite otantifikasyon, sètifikasyon ak legalizasyon pyès sila yo, dapre règleman yo.

Ministè a salye e remesye tout patnè l ak aktè yo ki konprann enpòtans e apiye modènizasyon done sou lekòl yo, elèv yo ak pwofesè yo. N ap sispann pèdi achiv enpòtan sou lekòl yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...