Pandan yon rasanbleman nan Pènsilvani samdi 13 jiyè 2024 la ki lye ak kanpay prezidansyèl la, ansyen prezidan Donald Trump resevwa yon katouch nan zòrèy li aprè kout bal te mare nan espas la.

Selon pwokirè rejyon an, moun ki te tire a ki se Thomas Matthew Crooks 20 lane, mouri depi menm yè samdi a. N ap note, se sèvis sekrè ki te nan foul la ki te kouri pran prezidan Trump epi foure li nan machin pou ale pran swen ka li merite.

Men mesaj prezidansyèl Biden sou tantativ la: « Mwen te enfòme sou fiziyad la nan rasanbleman Donald Trump nan Pènsilvani.

Mwen kontan tande li anfòm, li byen. Mwen priye pou li ak fanmi li ak tout moun ki te nan rasanbleman an, pandan n ap tann plis enfòmasyon.

Jill ak mwen, nou rekonesan anvè ajan Sèvis Sekrè yo, paske yo te mennen li an sekirite. Pa gen plas pou kalite vyolans sa a nan Amerik la. Nou dwe reyini ansanm kòm yon sèl nasyon pou kondane li. »

Yon lòt bò, ansyen prezidan ameriken Barack Obama, voye senpati li pou Trump epi mande pou vyolans sispann nan Amerik la:

« Pa gen absoliman plas pou vyolans politik nan demokrasi nou an. Malgre nou pa ko konnen egzakteman sa ki te pase. Nou tout soulaje paske ansyen Prezidan Trump pa te blese twò grav.

Mwen pran moman sa a pou m renouvle lespri sivik nou ak respè. Michelle ak mwen swete prezidan Trump yon retablisman rapid. »

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841