Premye minis Garry Conille anonse 17 jiyè 2024 la gouvènman li a anonse etadijans sekiritè nan 14 komin gang kontwole nan peyi Ayiti.

Apre li drese yon bilan katastwofik laterè gang yo simen nan peyi a, Garry Conille fè konnen tout fòs lòd yo ap patisipe nan batay pou derasinen gang yo nan peyi a. Lapolis, lame ak fòs miltinasyonal ap pote kole anfas bandi yo.

Conille mande popilasyon an mache kontre ak fòs lòd yo epi rete atantif ak veyatif, pandan li mande bandi yo, yon lòt fwa ankò pou depoze zam yo epi rekonèt otorite Leta.

Premye minis la di Ayiti kase koub nèt nan batay kont gang yo, yon batay ki kab long, men «pèp la p ap pèdi batay sa a», daprè chèf gouvènman an.

Garry Conille fè anons sa a yon jou aprè yon kontenjan 200 polisye keyan vin jwenn 200 ki te deja la depi finisman mwa jen.

Lapolis ansanm ak fòs Kenyan yo fè patwouy ansanm nan sant vil Pòtoprens la nan jounen 17 jiyè a. Yo te nan yon dizèn gwo blende, dapre konsta jounalis.

Pi lwen, aprè yon veritab dezòd divès medya fè jodi mèkredi 17 jiyè a, premye minis Garry Conille fè tout jounalis yo konnen, sitou medya anliy yo, li entèdi pou yo kontinye difize enfòmasyon an dirèk oubyen pou yo reyalize repòtaj pandan polisye yo ap mennen operasyon kont bandi yo.

N ap raple Pòtoprens ki se kapital peyi a te genyen kouvrefe sou li depi mwa mas pase kote se gouvènman Michel Patrick Boivert ki te siyen arete sila ak rès manb gouvènman li a, Konsèy prezidansyèl la te vin renouvle li poko genyen pyès aksyon konkrèt jiska anons etaj dijans sila.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....